Ki'es nan moun sa'yo pendan dernie 40 ans ki sot passe'a ki...

Ronald Altieri - January 25 2011, 12:12 PM

Ki'es nan moun sa'yo pendan dernie 40 ans ki sot passe'a ki tue plus moun; ki vole plus lagen; ki fai plus mal; ki fai plus timoun souffri; ki fai plus manman rele; ki met plus moun nan prizon san rezon; ki ap plante plus mal; ki ap fai zancet nou crie; kap fai haiti plus mal: UN, Jean-Claude Duvalier, CARICOM, Mirlande Manigat, EU, Jude Celestin, OEA, Rene Preval, SAIN-DOMINGUE, Jean-Bertrand Aristide, ETAZUNI, Michel Martelly ou CEP?

Moin min ave'ou nap penser de intel ak intel.

Et bien avan keum di'ou opinion personel moin - kitem di'ou que spirituelmen parlant leu corp nou malade se tout corp nou ki malade.

Haitien se yon seul famille; yon seul corp, et tout sak nan yon corp ki pap aide yon corp gueri nan cause maladi'a.

Permet rentre nan zone sa'a - leu zancet nou te di'nou: "L'UNION FAIT LA FORCE", yo patap pale de mande arrange avek manchet ak dufe seulemen pou coupe tet boule kay non. Sa'a se te pou yon 'REVOLUSION MILITAIRE' pou retire chaines nan main ak pie nou. Min se plante yo tap plante kite pou nou.

Sa yo te plante kite pou nou'en?

Yo te plante yon fruit pou nam nou manje pou bay Haiti la vie; pou ka bay tet nou deliverance; pou na ka we force mental nou; pou nou ka retire chaines invisib ki en dedan tet nou, pou nou eliminer barriere maladie mental sa'a ki rend nou aveug epi ki fai nou pa ka we que avek remede "L'UNION FAIT LA FORCE" sa'a na ka gueri tout maladi Haiti ap souffri.

Ki leu pou nou recolte'l fruit sa'a?

Li endeden'ou; li nan racin nam'ou, cuelli'l epi we force'ou. Plante grin'li pou sa kap vini'yo.

En palan de respons question sa'a!

Ki'es nan moun sa'yo pendan dernie 40 ans ki sot passe'a ki tue plus moun; ki vole plus lagen; ki fai plus mal; ki fai plus timoun souffri; ki fai plus manman rele; ki met plus moun nan prizon san rezon; ki ap plante plus mal; ki ap fai zancet nou crie; kap fai haiti plus mal: UN, Jean-Claude Duvalier, CARICOM, Mirlande Manigat, EU, Jude Celestin, OEA, Rene Preval, SAIN-DOMINGUE, Jean-Bertrand Aristide, ETAZUNI, Michel Martelly ou CEP?

Ou tekon repons'la deja: "C'est la nature!"

En nou mete tet nou en harmoni avek la nature pou Haiti ka supend souffri; en nou retounen nan jardin tet nou pou nou cuelli fruit sa'a que zancet nou te kite pou nou'yo; en nou plante'l pou sa kap vini'yo; en nou retire tet nou nen esclavage mental sa'a; en nou fai Lunion pout fai la froce - pa pou fai benefis pou yon group min pou libere tet nou mentalmen pou Haiti.

1804 se te leu pou REVOLUSION MILITAIRE avek violence te fini avek main et pieds.

2011 se leu pou REVOLUSION SPIRITUEL komemse san violence avek amour et charite, parce que sa'a se nan tet chak Ayitien li ka fet avek la lumeire de conscience et verite.

Es que ou ka we?

Main dan la main se yon bon bagay pendan nou ensam ensam, min si tet nou pa tet at tet fok nou mande tet nou ki kote nou prale?

REPLY to this message

Return to Message List