Sergo, Moin salue'ou aveck enpil respe. Ou deja konnin keu'm...

Ronald Altieri - January 22 2011, 8:33 PM

Sergo,

Moin salue'ou aveck enpil respe.

Ou deja konnin keu'm te bien li sa'ou te ecri'a, et kankou'm te di'ou dapre moin mim ouap bien plante pou sa kap vini'yo.

Moin se yon natf natal, malgre keu destin te mainnim ou etats unis min keum pat jem suspen bat pou ti Ayiti Cheri'n nan. Fo nou pa blie keu guin de Aytien kap chante la dessaliniene aveck main yo sou coeur yo, min yap fai Haiti souffri plus que moun ki pa Ayitien.

Bon! En nou avance pi devan.

Moin ta rinmin fai yon seul ti rale sou dernie parole ou'a leu ou di keu: "Pou mwen personelman si CEP admet rapport OEA tout leta an Haiti ap febli devan rest monde."

Sergo, m'senti keu ou se yon vrai patriot, zancet nou yo te plante bien.

En nou gade parole importan sa'a. Premierement, nou paguin yon leta. Deuxiement, nou deja ront devan le monde.

Troisiement, en nou komense leve tet nou avan nou gonfle lestomac nou, parce que lestomac nou paka gonfle pendan tet nou a terre ap gade zortey nou.

Pa blie, que se preval ki te chosi 8 membres CEP sa'a (li supoze 9 membres et 3 seulement supoze soti nan Executif nan - dapre sam konnin - corrigem sim merite'l).

Pa blie que se Preval ki mande OEA poul vin non seulement observe le 28 Nov, min li te vin mande OEA pou vin verifier ak recommende en Decembre.

Kitem di'l enko: Li te mande OEA pou li vin 'Verifie ak Recommende' - ca s'arrete la.

D'apre sam kompren, Preval pat mande membre legislatif'yo s'il teka mande OEA vin verifie et recommende sou election nou. Es'ce que guin yon article nan constitution'en ki di OEA ou n'inporte lot ceci cela ka vin verifie et recommende sou election presidentiel nou; sou election de senat nou; sou election des deputes nou?

Leta Haitien'en; leta nou'a te mande OEA pou vin verifier ak recommende parce que yo te compren que abit sa'a ta pral di'yo que penalite'a pa gol et que se celestin ki claire and filet election'en.

Nou derape pi loin, min map frinin la pou'm di: "Sak passe aveck loi electoral nou you?"

OK! Noou tout konnin que nan poin enyin que nap rale sou li la'a ki pa plu compliquer que sa nap ecri la'a. Avan ou te rive la'a m'te di'ou que:

"Premierement, nou paguin yon leta. Deuxiement, nou deja ront devan le monde.

Troisiement, en nou komense leve tet nou avan nou gonfle lestomac nou, parce que lestomac nou paka gonfle pendan tet nou a terre ap gade zortey nou."

Es que ou kon yon leta kap permet 40 million dollar US (plu ou moins) depense nan resource ki pou servi pou peuple'la pou lal fai foto ak bel souri en mayo brezil pendan 1 million Ayitiens avec femme enceinte, ti moun grangou, ti bebe malade san antibiotic?

Esque ou kon yon leta kap ki paguin 40 million gallons dlo pou peuple li ki pra depense kob peuple la, poul plante racine li?

Esque ou kon yon leta kap inviter representan lot nation pou vin verifier ak recommende sa poul fai nan election presidentiel'li?

Nou poko guin yon leta.

Sa moin fek so di'la se pa yon question de Preval ni CEP non; m'voyel monte pou nou tout ka respire'l, parce que ront nan se pou nou tout.

Kitem di'ou yon bagay tre claire:"Moin pa yon Duvalierist, moin pa yon Aristedeist, moin pa yon Prevalist, moin pa yon Demokrat, moin pa yon Republikin, moin pa yon Socialist, moin pa yon Communist - MOIN SE YON AYITIEN ki ta rinmin oue Jean-Claude ak Jean-Bertrand kimbe main ap prie pou Ayiti.

M'ta rinmin Ayiti guin premier lo kom La Perle Des Antilles.

Moin se yon Ayitien ki ta rinmin la paix nan lakou'a, san securite.

Moin se Ayitien ki ta rimin que L'Amour ak Charite vin seul zam que servi kont lot.

kom rev se rev, moin oblije a viv nan realite'a, et realite'a c'est que moun ki mete nou nan pozition nou teye avan 12 Janvier 2010 paguin enyin yo ka plante pou nou recolte.

YO TE PLANTE DEJA!

Sa seulement yo ka fai pou nou se met main en main pou yo ka fai sa kap vini yo oue que 'DIVISION FAIT LA FAIBLESSE', ET QUE L'UNION FAIT LA FORCE.

Nouvelle generation'en pat recolte enyin nan main moum sa'yo. Sayo te plante avan 12 Janvier 2010 bay zero bare - bare'yo.

Sergo, LI LEU POU GENERATION'SA PREN AVENI PEYI'A NAN MAIN YO POU YO PLANTE POU SA KAP VINI'YO. Epi yon jou na suspend ront, parce que nou pa ten moun ba nou valeur min na ba tet nou valeu tet nou.

Nou pa necessairement supoze bati avoin ni ordinateur ni belle voiture pou nou kompren valeur nou non; nou seulement besoin kompren sa L'UNION FAIT LA FORCE vle di. Merci pou sa ouap plante'a!

Pour le Pays,
Pour la Patrie,
Marchons unis,
Marchons unis.
Dans nos rangs point de tra

Response to:

mwen conprann ou tre bien,nou doue aprann de pase pou...

Related Article:

USA visas revoked for Haitian officials involved in election fraud

LATE BREAKING NEWS - CNN has just reported that a number of Haitian officials' visas have just been pulled due to their involvement in Haiti...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Mwen ta renmen reponn ou avec article 56 de...

Return to Message List