Mwen conprann ou tre bien, nou doue aprann de pase pou...

Sergo Jean - January 22 2011, 1:33 PM

mwen conprann ou tre bien, nou doue aprann de pase pou avanse .men li mande anpil couraj pou fe sa, san orgey, ou bien anbisyon poul al domine lot mounn men se pou we tankou president aristide te di nan liv li a. Lider nou yo se mounn pep haitien te choisi pou dirije l e pa gen ocun lot nation sou terre a pou di non sa paka fet e se problem sa nap confronte an Haiti.lot peyi ap di president x ou bien y pa gen doua la yo tout wrong e se blof paske la loi pa permet ocun Haitien pou viv deyo peyi a.CEP pran yon decizion foc yo gen cran pou campe e defann sa yo te di nan tout peyi a sou radio e jounal.Pou mwen personelman si CEP admet rapport OEA tout leta an Haiti ap febli devan rest monde.

se sel moyen yo gen yen counie a pou fe nou vale mo Indepandans Haiti a. Bagay Election sa se nan tribunal pou l al juje pou montre le monde ke gen justice an Haiti pou tranche.

se ere sa preval fe le li pa nonmen juj nan cou casasion yo epi kite pouvoi sa fonctione selon loi peyi a.li pral ran tout leta febli devan comunote internasional la pandan ke yap fe leta Haitien siyen anpil papie pou yo ka al bare li pidevan.Pou peyi a ka mie mwen souete 7 fevrier 2011 President Preval avec CEP remet demission li bay court casasion peyi a pou gen yon lot solution nan problem Haiti ap confronte la .pou l pa al victim de manipulasyon de ocun group mal intansione pou regle zafe yo.Map di nou tout se Haitien e nou se manb de yon fanmi ki gen madanm, marie pitit tout bezwen manje e al travay pou peye yon cote pou abite e nou pa oblije a filie avec yon pati politic pou sa fet.Se pou Preval ale le 7 fev.epi kite la justice livre Aristide passport li bezwen an pou ka gen yon solution definitif nan criz politic ki gen an Haiti.

Mounn sa yo fe pati de problem nan e yo fe pati de solution an, li op pou Haitien yo padone Duvalier, Aristide,Preval, Sedras e tout lot mounn yo.Se sa ki fe yo tout doue nan election pou pep la ka fe yon choi se pa choi OEA ki pou vin pase nan solution an, se choi pep Haitien an ki pou pase. Si yon mounn di yon ayisyen mwen revoke visas ou lap di ou mwen prale nan yon lot peyi, paske gen lot peyi ki existe e lap di ou deye ou cap pipiti paske le li voyaje se cob li bay le li peye on ticket pou voyaje, menace sa yo Haitien pa pran ladan e si ou we li pran ladan li pral farouche w avec li demen, kote bagay sa pral tache nan do w.Pep haitien te choisi Aristide com President se te pou cran li te genyen an face macoute yo e bien counie ya cominote internasyonal la doue fe face avec menm fenomen sa cap develope la anco pou jwen yon solution.

12 candidats a la presidans yo te di de le premie jou vot la anule Election an paske gen frod se pou yo acepte parol yo epi cherche yon lot solution, paske pep la di tout election an pa bon.Le prezidan preval invite OEA se menm rezolution sa pou yo te genyen tou pou montre yo bo cote pep avec lider kite di election yo pa bon.si yap fose fel bon yo pral tonbe nan menm problem yo anco e mwen pa janm cre leta ka batay avec pep yon bagay ki pa existe nan le mond. Se pou sa ki fe OEA bezwen al mete li bo la justice an Haiti si li bezwen gen place li nan societe Haitien an.Kite preval ale epi consulte tout pati politic pou fome yon gouveneman pou yon nombre de tan ke yo vle avec pep la e mennen Aristide tounen pou solution sa ka jwen avec tout pati san pati pri.le mwen di ou met se yon fason pou exprime mo a. paske mwen cre gen yon sel Maitre map pale de neg ki cre yo se maitre tou.I do believe in Jesus Christ the Son of God and He is my Savior .Sa mwen di ou yo se parol an tan ke haitien natif natal .Monche mwen swete ou couraj e mwen jwen yon mounn ki conprann mwen nan parol mwen di. Merci e merci map panse a fe sa ki bon toujou paske nou pa jwen bagay sa yo facil e nou doue considere sa com yon cado nan lavi

Response to:

Sergo, Moin li enpil bel gagay keu'ou di. Min kom ou...

Related Article:

USA visas revoked for Haitian officials involved in election fraud

LATE BREAKING NEWS - CNN has just reported that a number of Haitian officials' visas have just been pulled due to their involvement in Haiti...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Sergo, Moin salue'ou aveck enpil respe. Ou deja...

Return to Message List