Tanpri Tanpri pep's ayityen yo pa ki preval pran exil

Saintil Andre - January 21 2011, 11:18 AM

Tan pri pep ayityen pa fe kole monte nou, pou nou pa fe prezidan Preval ale an exil, paske le nou gen problem avek yon prezidan nou fe li ale an exil, nan peyi li ale-a se yon benefice pou peyi sa, paske tout lajan li travay fe nan peyi pal la se gaspiye la-l gaspiye-l nan lot peyi-a, men si li rete nan peyi pal la li va fe lajan li an travay pou ede peyi la. Menm jan nou ka fe-l pran exil la, se konsa tou nou kapab fe li rete nan peyi li, mwen pa di si li fe yon bagay mal pou la justice pa fe devoua li, men avek lod e diciplinn, paske yon prezidan nan yon peyi se yon authorite li ye, nou pa doue agi nenport koman avek li, paske yon gourvennman se yon bagay ki divise an plusier moso, avan d'agi fok nou kapab mennen anpil investigasyon pou nou pa foure la justice nan yon move chemen.

Paske moun ki anto se li menm ki toujou pi cho devan bannan, se sa ki fe innosan toujou paye pou koupab.

Sak fe sa fet konsa se paske pa genyen bon authorite ki konsian pou fe travay sou dosie investigasyon an ayiti.

Paske la justice pa gen doua travay tankou moun kap tire revanje, ni la haine, ni ipokrit e ni tankou moun fou. Gade sa ki pase lundi 20 Janv se yon katafal desod, sa taka fe menm problem ki te pase 7 Nov 2010 la taka rive anko menm plus. Pou ki rozon se paske Jean Claude pat gen kat blanc derrier li, si li te gen kat blanc derrier li depi airport Mais Gate immigrasyon tap deja arete li, sak pase Jean Claude lan se kom si ke li se yon etranj pou peyi-a, nou agi avek li kom yon kamoken, nou pa bali yon ti chance pou li exprime li avan nou fe bagay sa yo, mwen kap pale avek nou an mwen ale l'ecole laloi mwen se yon investigateur mwen pa konnen laloi mache jan nap fel la. Fok nou fet atansyon pou nou pa fe bagay ki pou kontiniye mete peyi-a nan kriz apre kriz, paske peyi d'ayiti sou je tout peyi dan le monde.

Si ke nou we International pa di nou an yen se paske li we nou ap joue, li konnen byen sa nap fe yo pa bon. mwen kite nou se fre-n nou Andre ki tap pale avk nou yonn ki renmen ayiti anpil.

Sonje mwen mete ajenou nan piye nou pou nou pa kite preval pran exil, sa nou gen pou fe se kite li rete nan peyi-a epi mennen investigasyon sou tout bagy.

REPLY to this message

Return to Message List