Koulie ya wap pale de pwotokol depikile nou gade pwotokol...

Herve Francois - December 31 2010, 1:11 PM

koulie ya wap pale de pwotokol depikile nou gade pwotokol konsa.

le moun ki nan poszisyion yo fe sa ki pa bon, nou enterpretel pou entelijens ki vle di yon moun ki vole se entelijan.

Depi tan ke map viv mwen pa janm temwen hatiti te dirije pa yon entelektyel.

si ayiti te dirije pa entelektyel, sitiyasyion pep la tap chanje.

nou tap gen lekol paske yo tap konnen enpotans lekol.

yo tap eseye fome pep la poul pa antre nan kraze brize paske kraze brize pap fel abouti a ojektiv li. nou janm gade oken pwotokol.

ayiti souvan dirije pa populis, diktate, jans de movez fwa e malonet kap pouse pep nan vanjans olie ke pratike lalwa pou pini moun ki fe mal. tankou leader kap di kaoutiou wa santi bon se moun sa yo nou prankom prezidan yon peyi kouman ta vle pou gen chanjman.

jan de moun sa yo pap ka prone la pe se pito la ge avek vanjans yo ka fe avanse.

moun ki entelijan yo renmen fe konpromi tou yo jwen lot sipote yo paske yo konnen ke sipo se yon fos endispansab san sipo yo ka tonbe se sak fe yap plede echwe pep la konsa.

se egoyis yo ye. yo pa we lot moun esepte let yo avek fami yo epi avek youn ti group moun yo pran mete kote yo pou ede yo tou pizi pep la. yo pi fo nan fe koripsyion ak vole pep. nou pa gen jij nou pa gen avoka.

nou yon rezo vole. si pat gen enpinite tap gen stabilite ak sekirite e pep la tap viv nan pwote olie ke nan malproprete.

bandi tap nan prizon epi malfete ta pral travay te olie yo ta vini sita nan potoprins pou fe rakiete.

rezo kontribisyion tap kraze tout vole te tap nan prizon epi la pe.avek kob magouye nan la dwan yo ap manje pou kont yo tap sevi pou piye lekol pou pitit pep la. sa tap pemet nou envesti nan aveni peyia.

tande peyi kote ki gen moun ki entelijan yo ankouraje edikasyion nan tout branch se pa selman nan politik yo baze plis sou sians avek teknoloji paske yo reyalize sa ka kontribye nan developman.

moun sa yo ke ou vle fe pale ya pa kaliefie de rien. mwen peze yo nan balans mwen eke mwen jwen pi leje ke oksijen e yo pa we pi lwen ke pwent nen yo. moun ki gen entelijans we laveni epi yo fe pwovisyion pou li. defen papam te kondi divalie papa te touye tout moun kite entelijan nan peyi sa ki pat mouri yo te minim paske pep la pat kwe nan kite peyi yo kom nou fe koulie ya. yo te renviv nan peyi natal yo plito ke ailleurs.

konbyen idio sa demontre ou ke moun kap dirije nou koulie idio. sak pi mal la yo egois tou. Moun ki aple pou sevi paka egois.

mon sher ami mwen ta swete ke nou refleshi plis sou problem peyia epi pou nou jwen youn solisyion kote tout moun santi yo agreye an pati menm si se pa asan pou san ok frem.bay peyi ya yon chans.

nou rete nap panse di tan de dizwityiem siek nou nan venteinyiem siek

REPLY to this message

Return to Message List