Yon Jou Fanm Ayisyen Ap Gen Vale Tout Bon

St-armand L Firmin - December 26 2010, 1:36 AM

Yon jou ap vini nou menm neg nwe ak neg po lanve ap sispan maltrete fanm
Nap sispan ensilte fanm yo e bat yo tou e nap sispan aji tankou wa
Nan zantray soufrans tout fanm an Ayiti map rele anmwe pou nou ka sispan
Sispan maltrete yo e fe you abi paske nou pa vle yo travay san kwa

Kile nap sispan maltrete fanm e se pou yo ke map mande jistis
Kile nap devlope peyi sa a pou soulaje fanm nan travay domestik
Kile nap sispan souflete fanm e avek dlo nanje mwen ka sa tris
Map rele anmwe e jistis pou fanm paske yo pa pwodwi kosmetik...

REPLY to this message

Return to Message List