Jp, message ou'en telman guin bon medicamen laden'l pou aide...

Ronald Altieri - December 25 2010, 8:37 AM

Jp, message ou'en telman guin bon medicamen laden'l pou aide maladie peuple simple kap souffri avek faiblesse mentale, que moin choisi pou moin pren'l kom yon ti remede poum' mete avek sa'm deja guinyin nan personalite'm pou aide'm.

Envan mal plu loin fok moin di'ou Joyeux Noel, et moin salue'ou avek yon kout chapo.

Moin certain que endedan nan-nan message ou'en guin yon bonne volonte pou frappe konscience nou, pou fai nou we ke problem nou, en resume, se personalite blanc des les etats unis avek lajen'l.

Permette moin di'ou keu nout tout kompren valeu point sa'a. Min fo nou pa rete la. Generation sa'a fatigue tande ap pale de lot moun ki responsable problem nou, Nou vle pren responsabilite pou rezoud problem nou, quelque soi kiyes ki responsable pou problem'nen. Nou di kitemele nou si se capitatist, si se duvalierist, si se lavalasist.

Nou di nan moment sa'a nou pral fai sacrifice pou avenir nou ki nan main nou pou nou ka alle kote nou vle alle'a.

Tremblemen de terre'la te sekoue nou pou reveiller nou. A peu pre troi cen mil soeurs et freres nou deja fai sacrifice pou nou pa kite vi nou retournin kote'l te ye avan douze janvie'en.

Nan reveille sa'a youn nan maladi keu nou pral komence kombat se suspen blame lot nation pou problem familiale nou.

Par example:

Si brezil, OAS, oCARICOOM, EU ou bien etatzuni ta offirr'ou 10 million dollar, aveck bel kay epi passport diplomatik plus college gratis pou pitis ou ka ka aller collej gratis pou aide yo fai etude medical nan peyi'a; pou fai ravage resource peyi'a; pou viole ti fi ak ti gazon nan peyi'a; pou dezarme militaire'ou; pou fai generation kap vini rete nan mizere; pou fai ou achete nan min voizin tout sa ou bezoin; pou rend ou san gas (malgre ou guin mayi ki ka tounin gaz); pou fai ouap achete zeu poule nan peyi etranje (malgre poule peyi'ou deja organik); pou fai ou paguin electricite (malgre ou guin soley ki ba'ou electricite).

Enfin pou fai'ou pa we beaute peyi'ou, pou sak capab ka pote fos yo lot kote epi pou peyi'a ka toujou faible...?

Si ou ta decide pren 10 million dollar sa'a, ou paka blame yo vraimen parce que ou guin yon choi. Nou tout guin yon choi en fas temptation.

Si yon moun decide pou courbe fierte pou'li ka rive yon kote avek fierte; sa'a tout moun ka compren'li, parce que fierte se yon bagay flexible.

Min, si yon moun decide keu lap casser dignite'li pou l'ajen ou paka blame sak ki guin l'ajen totalemen - m'di totalemen.

Maturation spirituel et moral mande pou youn moun pren responsibilite devan nimpote richesse a fin que pou li pas baisser ni casser dignite'le. Parce que fierte flexible et li ka courbe, min dignite yon moun moun se yon bagay rigid li pa ka courbe - se casser li ka casser.

Si nou mim peuple Haitien, tres fier nan lhistoire du monde, te courbe fierte parce que nou pat ka we. Et bien "C'est la vie!"

Min generation sa'a di si nou min peuple Haitien te casser dignite'nou et bien li pral soude'l avek moralite'l; li pral regle sa'a avek esprit zancet li; li pral pren ti remede sa'a ou offri nou'en pou nou komense we que se pa temptation lajen ki sot nan lot peyi ki problem nou, min se acceptaion pou nou casser diginite ki racine maladi'sa'a ke ouap aide nou we claire enba microscope messaj ou'en.

Nou te 'La Perle Ses Anitlles', se nou ki pou komence nettoye tet nou internel avek la foi dan L'Eternel avan keu nou nettoyer l'externel.

Yon dollar Ayitien te guin min valeur avek yon dollar american, se nou ki pou komense bay te nou valeu nou.

Pou gueri yon problem fo ou remarke existence li, apre sa ou ka komense oue ki solution; ki formule ki ka rezoud li.

Moin min ave'ou, nap mette orgueille nou sou kote pou nou ka kole tet ensem pou nou aide youn a lot rive plu loin, parce que nou sou mim rout et nou pral mim kote.

Se vre keu nan racine problem nou se pa Bookman, se pa Papa ou Baby Doc, se pa Titide, se pa Preval ki te prevoi Ti Jude.

Min se vre tou keu, entierement parlant, se pa americain, se pa intel, se pa l'ajen.

RACINE PROBLEM NAN SE MOIN MIN, SE OU MIM ET SE NOU TOUT.

Et bien en nou komense regle sa.

Kom ou te di Jp:

"Se pa pies Govermen Haiti yo..

WE KNOW IT, BUT WE JUST SCARE TO ADMIT IT, LET'S JUST SAY!

In faith we will, in fear we won't!

Response to:

Si nou panse se Preval kap fe Haiti mal, ou fet ap we...

Related Article:

A Haiti Transitional Government After 7 Fevrier? Preval Says No!

QUESTION - With all the chaos surrounding the 2010 presidential elections, will Haiti have a) a president, b) a transitional Government or c) an...

REPLY to this message

Return to Message List