pep ki dezoganize e renmen tripotaj rete nan egzil tout tan

Toulimen - December 16 2010, 2:42 AM

Nou pedi tan nan fe tripotaj ak zen e sa montre koman nou pa gen tet ansanm di tou. Moun ki sou pouvwa yo konnen ke nou renmen zen ak tripotaj e se sak fe yo kreye evenman tout tan pou ba nou okipasyon.

Si nou te konnen antre nan lot blog lot peyi yo sou la te nou tap we sa yo rele dialog konstriktif e plan pou devlopman peyi. Franse ki nan Etazini gen blog pa yo e le ou antre nan blog sila a yo fok ou siyen non ou e se bon sije ak solysyon pwoblem yo kap pale e kote yon respekte lot. Ayiti bezwen yon gro lide ki pou ka ede nou sispann fe tripotaj e transande sou etnik group nou an. Zen ak tripotaj pap regle anyen pou nou e si zen ak tripotaj te zouti devlopman nou tap peyi ki pi avanse sou la te.

Nou gen pou nou rete viv nan fredi ak chale tre imid lot bo dlo pou tout tan paske nou pa gen okenn plan ak estrateji pou nou tounen lakay nou. Se sak fe yo pa ka respekte nou nan peyi etranje paske nou pa gen plan ak objektif pou nou tounen lakay nou. Peyi nou pap janmen bon paske nou pito zen ak tripotaj olye ke nou pote solisyon pou nou solisyone pwoblem kap dechire sosyete nou an. Moun ki renmen tripotaj ak zen ap rete nan egzil pou tout tan e yo kondane pou viv nan esklavaj kay vwazen tout tan. Yo pap janmen respekte nou paske nou pa renmen peyi nou e nou pa gen plan ak estrateji pou nou retounen.

Zam nou se goumen kont lot ki vini ak lide pou fe peyi a chanje.

Mwen remake ke se zen ak tripotaj ke nou renmen e se pedi tan moun serye ap pedi tan komike ak nou. Li tris e sa montre ke nivo edikasyon an pa fet oubyen li tre ba anpil.

Bon chans e bon kouraj e li pa lapenn pou moun serye ap gaspiye eneji yo nan blog sila a...

REPLY to this message

Return to Message List