Mwen panse pawol ou yo san vale, antan ke candida, wap pale de...

Sergo Jean - December 9 2010, 11:22 PM

Mwen panse pawol ou yo san vale, antan ke candida, wap pale de la loi di pep Ayisyen ki loi Preval avec ou aplike an Ayiti.

Preval gen yon refom agre lap fe depi 10 an Ayiti pa gen manje pou pep la manje, juskaske se mande nap mande blanc manje, ou pale de serom pou colera, di pep la combien Hospital Preval te bati nan !0 an li fe sou pouvoi et ki cote yo ye epi si li te fe yo poukisa li pat constwi anpe chanm poul te estoke serom avec medicaman pou le gen jan deproblem sa yo. poukisa se mesie blanc nap mande pou pote pou nou.Le wap pale de ti machan kisa ou menm ap preval fe pou yo patchita nan lari ya anco depi 10 an.wap pale de tranbleman ter, Haiti te gen tranbleman ter avan ter te secwe le mounn yo ap soufri pa gen travay, zenglendo, kidnape, vole nan gouveneman, corupsyon,gen plisie fanm sa yo se tranbleman ter yo ye tou, fatra nan lari, cob preval bawou san vote nan palman pou al regle biznis ou avec fanm li bawou.

pawol sa yo wap pale la se paske ou menm ac Preval pa vle al nan prizon ou an Exzil nap fe yon fason pou vole elecsyon ki coke nan goj nou, Preval pat panse pep la ta pral bay cou sa.se la li pa fo .map conseye ou lo fe ere nan lavi fe yon revizion de sa ou te fe ki pat bon nan vi ou epi pote corecsyon.

si ou fel vreman mounn lakay ou yo ap retounen tout cob yo te conn pran nan gouveman Duvalier yo yap fe Hospital le yo malad ya jwen yon kote pou yo antre.wap pale de mounn ki mouri yo, pou mwen ou pa conn vale mounn si ou te con vale mounn, ou pa tap lage mounn yo nan trou titanyen jan ou te lage yo tankou fatra, ou tap mande pep la pou paticipe pandan ke ou tap fe yo jwen sac pou mete corps yo epi mounn sa yo tap antere avec respe.Jude map di ou yon bagay men le ou we preval pa constwi anyen nan tem plan de developman epi ayisyen yo pa jwen anyen pou yo fe an Haiti yo pa sot menm jan avec ou /Preval yo gen lespri paske se youn bagay nou ne avec li, se sa c fe ou we Dessalines, Toussaint, Capois et lot yo mete nou fri, e nou pap pemet ni ou ni Preval avec zanmi ki di yo se Zanmi Haiti yo fe nou tounen esclav anco. verite sa pral limen sou tout peyi ya epi tout tret kivoye ayisyen al nan lot peyi pou zac yo fe Haiti pral juje yon jou pou trayizon paske constitution Haiti a di ou pa gen dwa pou depote ayisyen pou voyel lot peyi defason ke pou pep la paconnen la verite .paske nou te nan fe bagay secre ap mounn sa yo.Mwen panse wap reflechi avec pawol sa yo epi ou pral we pidevan kisa ki pral pase si ou vole elecsyon sa.Ou comanse we deja sa pa conn fet Haiti apre elecsyon se premie fwa.Jean Claude te ale apre 3 etudian te mouri Gonaives, Aristide apre univesite ya epi etudian ville Jacmel la. Preval ap conte Jou menm mounn sa yo la toujou Micky se youn nan militan yo cote ou teye ou menm, Mwen se youn tou men ki pa janm antre nan pouvoi paske mwen cre travay avec men se moyen tout mounn geyen pou yo viv, san mete mounn nan condisyon de povrete pou fe cob sou yo, paske mwen cre lajan sa yo ca vin tounen cont mwen ou bien generasyonm cap vin deye se sa lide yo an Haiti pa connen .cote Jean Claude, Aristide,Sedras, Namphy,e autres yon sel mounn wap jwen Manigat nou fe tout sa nou capab pou detwi an politic li anco la paske la verite pap janm fe fas ba.lap tonbe epi lap remonte avec fos.

Related Article:

AUDIO: Jude Celestin Address To The Nation - Dec 9 2010

Earlier today, Jude Celestin addressed the Nation... This is the first time the candidate spoke publicly since the Presidential Election results...

REPLY to this message

Return to Message List