O O eske nou janm tande zaboka mi konn woule douvan kochon...

Le Philosophe - December 7 2010, 11:00 PM

O O eske nou janm tande zaboka mi konn woule douvan kochon aloufa?

Sel si li ta pouri...

Lanbi koripsyon an kontinye soufle, Ayisyen tet kale pouse kon kou toro bef pou kwape lakokinri.

Sepan marasa makonen fe yon sel pou toufe repons peyizan lakay.

Si'm te yo, petet mwen ta fe menm jan an tou, ou menm k'ap li maskarad mwen ekri yo petet ou te ka fe sa tou, paske san koken an nan venn nou depi nan ginen.

Si nou ta mande zot si li dako ak bouyi vide sa, li t'ap di: "of course yes!" paske kit li manman gaga, kit li mouche tintin zot ap toujou jwenn okazyon pou li peze souse manmel doubout riches Ayiti.

Selman pa bliye:1.-Lawouze taye banda se tou tan soley pa leve.
2.-Santi fo pa yon mak pa fen.

Alos, mwen menm, mwen chita sou ti chez ba'm pou'm tann lasanto charonya peyi DAYITI apre rezilta makwakwa sa tande.

Related Article:

Jude Celestin Vs Mirlande Manigat - Haiti Election 2010 Is Going To Round 2

The Haiti Election 2010 results are in... There will be a round 2 for the Haiti presidential election and it is between Jude Celestin and Mirlande...

REPLY to this message

Return to Message List