Mesaj pou pep Ayisyen-an. che fre ak se Ayisyen-m yo, nou nan...

Amonnon Louis - December 7 2010, 9:38 PM

Mesaj pou pep Ayisyen-an. che fre ak se Ayisyen-m yo, nou nan yon moman ki tre difisil nan lavi fiti peyi nou-an ke nou tout nou renmen anpil la. Ayiti sou rout pou-l pedi tout ed entenasyonal a koz eleksyon gagot sila-a, antan ke pep rezone e eklere, ann aksepte rezilta otorite yo bay la pou yon fiti swa malere ou ere peyi sa-a kap soufri depi tanto 206 lane de lendepandans.

mwen konnen kijan sa fe-w mal le yo pa ba-w moun ke-w te chwazi-a, mwen konnen tou kijan ke-w kwe nan chwa ke-w fe-a, men pou lanmou ak respe peyi nou-an ann kanpe deye mou-n yo banou-an pou montre ak lemond nou se yon pep sivilize, ki konnen sa nou vle malgre yo vyole dwa nou antan ke pep. mwen kwe nan nou e-m konnen nap bay peyi nou-an chans li malgre dwa nou vyole.

mesi pou konpreyansyon nou, ke Bondye beni nou e kenbe nou nan gras li. Mwen mande a kandida Michel Martelly malgre ametim ou, malgre nou konnen se ou men-m ke yo vote yo pran eleksyon-an nan men-w antan ke lide pep la mande yo pou yo antre lakay yo pou lanmou peyi-a, mesi pou konpreyansyon-w.

Related Article:

Jude Celestin Vs Mirlande Manigat - Haiti Election 2010 Is Going To Round 2

The Haiti Election 2010 results are in... There will be a round 2 for the Haiti presidential election and it is between Jude Celestin and Mirlande...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Mwen pito pa ka manje tan pou Jid Celestin pran...

Return to Message List