Gen yon parol ki di sa ou fe nan fenoi, pral pale sou trotoi...

Sergo Jean - December 3 2010, 5:47 AM

Gen yon parol ki di sa ou fe nan fenoi, pral pale sou trotoi demen nan tout la ru a midi sa fet jodia e nan tout entegralite l. Preval panse li se sel met e mwen te toujou cre li pa sa. Oficiel yo ki Haiti e nan le Mond bezwen reconet gen yon mounn ki superie ki responsab et control tou nan place kote li Habite ya, e lap vin mande yo cont sou service yo tap ran pep la yon Jou.Mwen panse si Preval ap cheche place pou li ale li reconet li fe sa ki pabon nan pouvoi e si li te fe bagay ki just li pa ta bezwen ap couri se pou li ta rete nan peyi li.Mwen te pale bagay sa yo deja sou Belpolitic.Com petet nou pat conprann sa.Le m te di Neg an Haiti yo fe sa ki just paske blan yo foul avec mounn lakay yo e yon jou pep nan peyi sa yo ca pran decizion pou voye tout mounn bac lakay yo e si ou menm ki deyo wap vin antre li pap facil.

Pousa mwen te di role gouveneman Haitien se fe tout bagay just pou pep la paske pidevan se li cap ka proteje mounn sa yo li te bay dwa pou servi li.E mwen tre contan pou EDmont Mullet ki pran pozisyon pou Pep la ki di depi vot pep la pa respecte yap kite Haiti, mwen daco a 100 % pou 100 % e mwen swete mounn sa yo cap vin Gouvene Haiti ya ap conpran yo dwe fe sa ki just le yo nan pouvoi pou pep epi peyi se pa bien prive yon prezidan avec palmante li ye .Se propriete prive pep li ye e li recevwa l de yon Etre superie e invizib ki gen pou fe aparusyon li yon jou pou mande cont randu de sa ki te fet. Jodia se pep cap mande cont randu demen Le Grand I Am ap vin mande tout moun cont de sa yo te fe. Verite ya deyo nan bouch tout mounn e lap continie fe rout li san ocun moun pa ca stope, Preval naje pou sorti menm jan ou te dil la, men mounn ki pral bawou men yan si li pa conn naje tou li ca tou nwaye avec ou, bat pou neg ou yo pa tou nwaye avec ou

Related Article:

Wikileaks Blows The Whistle On Preval and Haiti Elections 2010

Wikileaks Haiti Breaking News - A leaked memo from the U.S. Embassy in Haiti reveals that President Preval may have rigged the November 28...

REPLY to this message

Return to Message List