Because they sent it, maybe to Jacmel or Cap Haitian. Sa wap...

Sergo Jean - November 28 2010, 6:59 PM

Because they sent it, maybe to Jacmel or Cap Haitian.

Sa wap di la mwen connen paske mwen te travay com prezidan de biv an Haiti nan plusie Elecsyon.

Le yo te vle mete Gerard Gourdes com Prezidan, youn lot kite vin bawou Lesly F. Manigat e sa kite vin donnen Aristide kote mwen te demisione pou sa mwen te we e mwen pat daco com prezidan buro sa, pou sa mwen te we cap fet.Mwen contan jodia se pep la ki canpe pou denonse bagay sa cap fet Haiti depi le Jean Claude Duvalier kite Haiti.Map di CEP pou bocou nan sa nou we cap fet la, paske li fe prop lwa li epi li pa janm pran sancsyon kont pies mounn le yo fe dezod nan canpay Eletoral la.yo selman panche bokote prezidan peyi ya pou prop intere yo paske yo bezwen job pou tout co ras yo nan pouvoi.Mwen cre Haiti ap gen yon bon Elecsyon lo pep la chwazi li menm pou vote pou eli twa manb pou CEP nan chac depatman peyi a.depi se prezidan avec senate e depute ki chwazi mounn sa yo yap toujou pou pati ki sou pouvoi.

Le se pep nap gen yon poucentaj sans yap mete yo bo pep epi yap ka sancsyone mounn kap fe dezod, paske pouvoi yo vini de pep e non pa prezidan e otre.Epi peyi a ap bezwen yon abitre pou si gen cout maltaye nan jwet la ki se tribunal de paix ou Hot cou de justice pou tranche le yon bagay pase mal nan elecsyon.

E pep la bezwen apran pou respecte decizion la justice pran nan youn ca ki pase, san al antre nan fe group pou detrwi la lwa pou creye anachi.

Se premie elecsyon Haiti bezwen fe pou elu manb CEP yo e mounn sa yo pa dwe soti nan pati politic ou lider nan ocun tet oganizazyon l'egliz e otre.Gen de bon citoyen an Haiti ki pa janm nan fe zac malonet, ki ka fe travay sa san yo pa vole ou bien mete prop zanmi yo paske yo pa soti menm cote e youn pap conn kisa ki nan tet yon lot le youn decizyon ap pran.Epi pou tout bagay fet bien CEP ya bezwen gen prop anploye li e mounn sa yo pa dwe soti nan pati politic ou patizan, yo dwe des etudiants e non des group monte pou rezon personel.

Related Article:

Wyclef Cannot Vote: "They Cannot Find My Name On The List, " He Says!

Former presidential candidate Wyclef Jean was unable to vote in the elections today for the same common reason... His name was not on the list... In...

REPLY to this message

Return to Message List