Priye pou peyi-a nou an

Saintil Andre - November 27 2010, 5:50 PM

Bondie papa nou mwen ap mande ou delivrans pou peyi-a, mwen mande ou pou ou kanpe pou pep ou-a ki pral nan election demen matin tanpri papa akonpaye yo souple, yo inosan yo pakon anyin, men ou mem Bondie ou kon tout. Pa kite pep la frape pal mechan yo tankou sa deja fet nan payi-a kote kadav pep ou yo se zouezo kap manje yo, se bet nan boua kap manje yo, san pep ou-a koule tankou dlo larivie, san yo koule tankou dlo nan tout lavil la.Tout lot nasion ki bo kote nou yo ap pase nou nan betiz, yo tout ap lonje douet sou nou yap pase nou nan rizib.

Bondie ou mem ki delivrans nou pa dekouraje avek nou Fe konnen se ou ki gen pouvoua vi-n pote nou sekou.

Delivre nou, padonnen peche nou yo pou nou ka fe louanj ou. Fe moun lot nasion yo oue, koman ouap delivre nou fe nou oue devan je nou, jan ouap pini moun ki te fe san nou yo koule.

Bondie, mete nou sou pie nou anko fe nou santi ou la avek nou epi na delivre.

Bondie ki gen tout pouvoua-a.

REPLY to this message

Return to Message List