Politisyen nou yo ap viv yon haiti nan lespas; yo pa Ateri!

Job - November 27 2010, 9:44 AM

Si ta poze yon moun ki kandida pou prezidan ou pou yon plas nan palman kesyon.

ki sa w pral fe pou pep ayisyen li t ap di" Nou pral desann ti mamit diri a 5 goud. San ke li pakonn ki sa l pral. li pa ta ka konnen paske li pa gon pwogram.

S il ta tante di kichoy kanmenm.sou jan li pral pase pou sa l di yo rive fet .ou tap we li t ap sanble ap konte ze nan vant poul. Paske ou pa pwomet sa w pa genyen.

anpil pase, yo fe pwomes sou pwomes, le sa a paka reyalize.

yo pa fe lot bagay ke lonje dwet sou yon sekte osinon sou lezot yo ki nan kominote entenasyonal.HM!!! se toujou konsa ! nou rive konprann kounye la ke pwop enmi nou se noumenm anko. Paske pesonn pa nan entere pesonn, ki donk, nou divize nan nou menm.chak moun gade pwop tet yo .se sa ki fe jounen jodia nou konte 19 kandida pou pos prezidan.

li pa oblije konsa ! kote kolonn moun sa yo soti?

yo bay enpresyon yon group magouye k ap goumen pou se yon men ki jere man mel bef san ke yo pa tenu kont de ki jan bef la fe poul nouri, poul siviv ." Hm peyi antrave !(hsiti)".

Ayisyen ipokrit sayo, two lontan yo fe nou sevi chwal batay pou yo rive, le yo fin rive yo di M ta fe wi menm pakapab.

M paka fe san soti nan roch ;Naje pou w soti, monche pou sale minimum nan nou pa fin renmen jan li fet la.Ba nou pouvwa, le n pran pouvwa na jere sa.

E pi nada. pawol sou pawol pwomes sou pwomes kom: nou pral bay 50 kilomet kouran ak 32 megawatt wout.
woy nou pran !
ou di mwen "mezanmi Krab la la pa gra ; m ap fe kichoy pandan 5 kan, yon lot a fe res la.

le 5 kan fin pase yo tounen anko kit yo pase kit yo pa pase yo la pi red.

toujou yo menm nan. jounen jodi nou we, vin prezidan ayiti tounen yon veritab biznis.

kote moun ka fe lajan.

lajan pou plen poch yo.sa ki lwenn kontan sa ki pa jwen yo denonse.

Mezanmi sa a se twop sitirans Bon nou p ap a le twolwen, si genbagay nou pa di la, 28 novanm ak res jou ki rete yo a di nou res la. m ale !

REPLY to this message

Return to Message List