Jude Celestin pa pran presyon frem. Pep la gen poul renmenl si...

Benjy Louverture - November 27 2010, 7:24 AM

Jude Celestin pa pran presyon frem. Pep la gen poul renmenl si ke ou mete Bon Dye nan ke w. Si ou touche gwo pwoblem peyi a ap konfronte kounye a e itilize bon zouti pou rezoud yo mon che mwen baw garati pep sa a gen pou regret sal te konn di de ou yo. Mwen we ke ou pa gen ogeil, sa ap fe ke ou gouvene avek yon sans reponsabilite.

Fok ou fe yon bagay pou moun kap viv anba tant yo. Fom di w yo nan move kondisyon.

rele plis ong pou vinn ede w. Bay te pou fe abri ou byen kay pou moun sa yo. Seleksyone bon ekspe pou travay nan sekte edikasyon an. Agrikilti an dwe pwogrese sou gouvenman w lan. Koutinye fe wout pou ka dezanklave rejyon yo. Mete plis sekirite.

Bay bous etid ak jenn yo pou letranje.

Kreye yon sant rechech, kreye yon konsey enjenye pou ka bay nouvo direkti pou nou konstri an ayiti.

Mete distraksyon pou pep la. Bay minis kilti a mwayen pou l ka reyose kilti nou an. Chache zanmi intenasyonal pou edev. Bonn Chans frem. 28 Janvye ou genyen eleksyon an lagan.

Pa bliye rele sak tap kritike w yo. La Paix sur
Haiti Cheri.

REPLY to this message

Return to Message List