Mwen swete w bonn chans mon che Jude Celestin. Swiv mach...

Benjy Louverture - November 27 2010, 7:24 AM

Mwen swete w bonn chans mon che Jude Celestin.

Swiv mach democrasi a, toujou pemet libete pawol, mete lekol pou timoun ki nan seksyon kominal yo. Bay jaret pou relans agrikilti nou an, mete yon bon bidje pou sekte sante a, mete yon ekip sou pye pou konbat kolera a. Ranfose sekte touris la, pemet envestise rantre nan peyi a. Pou fe desantralizasyon an se pemet lot vil peyi a ou byen seksyon kominal yo genyen enfrasti de sevis ki pou bay pep la sevis, exanp gen kek lot vil ki bezwen yon imigrasyon.

Bat pou konstwi lopital nan seksyon kominal yo. Si w swiv konsey sa yo wap femen bouch ayisyen.

Monche wap prezidan.

Mwen we tandans pep la. Gen yon bon posyon nan pep la ki pa pran nan machinansyon e manipilasyon entelektyel kap twiye pitit peyi a pouvwa.

Mwen renmen Preval anpil.Map di pou kisa. Paske pa janm pran nan presyon e li pa fe twiye pitit peyi a. gen anpil prezidan ke te konn twiye pitit peyi a entelektyel peyi a. Ou met pale kont preval nan radyo mal, ou met joure l, li pap fe w anyen.

Mwen menm panse si Preval ta ap pase yon kote yon moun bay yon kout pwen li pap kite sekirite l bay moun nan kou. Preval se yon grantom, li gen anpil sajes.

Le te dil malad, anpil neg gentan ap prepare yo pou yo vinn pran pouvwa a. Se yon bann entelektyel ki pa kwe nan demokrasi.

An wout pou 2010. Bonn chans.

REPLY to this message

Return to Message List