Pep ayisyen nan sitiyasyon ayiti ye la a mwen panse se nou...

Benjy Louverture - November 22 2010, 2:25 PM

Pep ayisyen nan sitiyasyon ayiti ye la a mwen panse se nou tout ki metel janl ye la a. Li le li tan pou nou aprann konstwi.

Gen nan nou ki la selman pou nou kritike.

Jude Celestin ap prezidan.

Nou konn pou kisa lap prezidan se paske pandan nap kritikel li menm lap travay, se konsa nou tap kritike preval e nan je nou la li vinn prezidan.

Pou sa Preval fe pou nou tan nou remesye se kritike nap kritikel selman.

Li restore demokrasi nou an, li ba nou dwa pou nou di sa nou vle, li desitire bandi ki tap tiye nou tankou sadinn, li fe rout, gade sa li fe nan mamlad, li fe envestise rantre nan peyi a. Pou maladi kolera li pran devan pou li enfome nou, pou Toma se te menm jan an. Pou douz janvye sak pase a touche li jouk nan ke li. li pa janm lage pep ayisyen menm le li pa pale. Nou le pa gen eleksyon nou bliye pep ayisyen an. Nou konnen eleksyon se yon kote pou nou vinn fe lajan e ramase lajan.

Nap blofe pep la. Nou kache deye yon fanm ki pap viv sou te, se ekstrateres ki pa bay moun regle anyen pou li. sim manti ki sa li tefe douz janvye.

Men sa map di nou. Ak madanm sa a nou gen pou nou wel. Le sa a pa kriye e pa pran lari.Rete tann li gen poul joure nou anko e lap di nou fwa sa a al manje vomi moun ki gen kolera yo.

REPLY to this message

Return to Message List