An nou pran konsian pou frere nou yo

Saintil Andre - November 9 2010, 1:24 PM

Frere Soeur yo map pran tan pou-m pale avek nou koute byin sa map di nou. Men sa BonDie di nou, si nou pa koute-l si nou pa vle fe tou sa li mande nou fe lap pini nou, si nou meprize Lod li yo, si nou voye komandman li yo jete, si nou pa fe tou sa li mande nou fe, si nou pa kinbe kontra li pase ak nou mem jan ak tan lontan men ki jan lap pini nou lap voye gro male sou nou. Maladi kap deperi nou, tout kalite male ap tonbe sou nou. Nap perdi souf nou. Jadin nou yo byin nou yo, se lenmi nou yo ki va joui yo mem jan nan tan lontan le grand parents nou yo te sclave.

BonDie ap vire do ban nou, epi lenmi nou yo ap vine join nou pou yo ka maltrete nou. Moun ki pa vle we nou yo pral donminin sou nou.Mem jan nou komanse we-l la, se konsa sa pral fini pou nou si nou pa leve pied nou. Leve pied nou se kisa retounen al join Bondie.

Si nou pa fe sa, nap rete konsa nap pran kouri san pa gen pesonn kap kouri deye nou. Mem jan nou deja komanse fe-l la, Bondie di nou gen yon pouvoua kap fe nou gonfle l'estomac nou. Mem si nap fe tout efo ak ponye nou li pap sevi nou angen.

Te-a ak tout pieboua yo pral kon nou, bet nan boua yo pral fini ak tout zannimo nou yo. Anpil nan nou deja mouri men ap gen anpil kap mouri toujou pap gen pesonn ki pou vini sou chemen nou. Bondie di nou si apre tout male ki tonbe sou nou yo, nou pa korije lap frape nou pi red pou tet kontra li yo nou pa kinbe.

Li di anko nou tout va anpile ko nou nan lavil la pou nou chache proteksion lap voye tout kalite problem sou nou, jouk nou va al rann tet nou bay lenmi nou yo. Ya kontrole sa yap ban nou, le na fi-n manje, sa ato na va grangou.

Na sitelman grangou nap manje prop fami nou. Li di anko lap detoui tout kay nou yo anpil anpil kadav nou yo va ate, mem jan nou komanse we-l la. Lavil la va tounen mazi na gen degoutans.

Peyi-a pral telman devaste se lenmi nou yo ki pral pran peyi-a pou yo rete. Bondie di nou anko li gaye nou nan tout peyi etranje.

Si nou pa tounen face nou bali peyi-a va tounen yon deze. Le sa-a nou va bay te-a repo. Paske lavil la pap gen pesonn pou rete ladan, lenmi nou yo ap fi-n depote nou byin louin nan peyi yo, pandan tout moman sa yo. Te-a nou pat vle restekte a, la joui tout lanne respe nou pat ba li-a. Pou moun lenmi nou yo te depote yo, nan peyi kote yo ye-a, ya viv tou tan ak ke sote san rete. Konsa bri yon fey boua van pote ap kont pou fe yo kouri, san yo pa konn kote pou yo ale. Ya mouri nan peyi moun ki pa vle we nou yo. Paske nou ap depafini nan peyi lenmi nou yo, pou kisa tout bagaye sa yo ap rive nou, se paske nou pa souiv prinsip yo, nou voye komandman yo jete. Bondiepap meprize nou si nou tounen pou nou souiv prinsip, Lod ak tout komandman li yo. Frere candida yo malgre nou deja depanse anpil lanjan election pou ki sak fe nou pat mete tet nou ansamm pou nou choisi yon nan nou pou president epi rest la te akopaye prensident nou mete-a. Li poko trota pou nou fe sa. kolora se yon epidemi li pa gen respe pou pesonn an nou pran pitiye pou moun ki malade e ki mouri.

REPLY to this message

Return to Message List