Mwen toujou panse sa ki bon, plis ou panse sa ki bon bagay ki...

Sergo Jean - October 26 2010, 3:46 PM

Mwen toujou panse sa ki bon, plis ou panse sa ki bon bagay ki bon yo ap vin kote ou.Tout moun sou te ya rich men yo petet pa konnen kijan pou yo devlope riches sa ki se intelijans ou ne avek li.moun ou di ki pov yo se group moun ki rich epi yo seviab, onet, yo viv avek madanm yo, yo respecte lot moun, yo apran pitit yo pou respecte moun kelke soi moun ke moun sa ye.epi si ou chef li koube devan ou san li pa leve tet li. Monche mwen menm mwen pa konsa, fok ou di mwen la verite, verite pou mwen sa ou di yo fok yo ecri.Depi mwen tou piti an Haiti map tande pale de chanjman, ki sa ou we ki chanje sof pati politik pran lot nom.FNCD, OPL,FANMI LAVALAS, ESPOIR,INITE.se sa petet ki panse pou ou.Pou mwen li rele divizion youn ladan yo pa gen panse ki jus ladan, sof pou repon a sa ou di ya pou vin rich .panse vle di pou mwen ou travay avec prop conesans ou pou fe yon bagay ki onet nan lavi san mal panse, tout nom pati politik sa yo ou we mwen ecri la yo rele mal panse .loske ou panse pou fe yon bagay ou dwe ecri bagay sa yon kote nan yon liv, nan fey papie, yon mu petet le lot moun vini yo ka we bagay sa yo. paske yon moun ki gen yon panse gen anpil lot moun kap vin antoure li pou defini panse sa avec li, moun sa yo pral fe lwa pou panse sa ka blayi al jwen lot moun tou patou.

TITID avec PREVAL se marasa yo ye kote li yo divose.

PREVAL marie avec yon fi nan pale ya kote fi sa e byen monche map di ou sa yo rele mal panse epi mal calcule.

se pep ki bay pouvoi ou menm, mwen menm avec lot mounn anko. al cheche konnen combyen kob yon prezidan touche, yon senate, yon depite, yon minis.

lajan sa yo touche ya pa ka fe yo rich, si pou yo ta rich ou tap we anpil job creye nan peyi a se pa lot peyi pep la ta prale pou travay nan factori.gen neg ki te senate, depite, avoca wap we kap travay nan factori, kap clin, fe travay yo pa ta dwe fe antan ke ...se paske le yo tap panse pou rich yo panse pov.epi yo fe lwa pou mete yo pov le bagay ladi yal pran fi lot peyi pou papie defason ke le yo tounen Haiti wap konnen yo rich ki pa vre. paske fok ou travay nan peyi sa pou fe kob, epi ou toujou ap blofe moun an Haiti paske yo paka voyaje si yo pa gen viza, pou ka lese yo konnen ou inpotan.Peyi rich yo se lwa yo fe pou dirije moun epi moun yo respecte la lwa gen kob.peyi pov yo gade pou we yo san lwa, ni fwa epi moun peyi sa yo toujou gen moun kap fe yon bagay yo se konsa yo viv.le yon neg chef li konnen li pa dwe respecte lot moun depi chef la pale, pandan setan peyi ki rich la se lwa ki pale se pa moun .moun la pou fe respecte la lwa.si te gen lwa ki proteje moun Haiti Jude Celestin se nan prizon poul ta ale pou jan li lage moun yo titanyen epi kob Preval bali pou fe CNE ki pa pase devan palman se lajan sa kap fe kanpay pou li kounie ya avec gro ansey li lap di li genyen avan CEP bay resulta.Paul Denis pa tap minis justice pou declarasyon li fe pou INITE ya kote li di lap genyen.CEP sa manb yo ta dwe nan prizon pou violasyon de nasyonalite Ayisyen a yon sitoyen Ayisyen.

Preval pa tap prezidan le li vin prezidan la. paske li te bay fanmi lavalas ki mete fin a tout progre ki ta dwe fet nan peyi ya. panse pou mwen vle di oganize, planificasyon,fixe but, jwen lot moun pou pataje panse sa, explicasyon,onet, humble,gen charite, respecte corps lot moun pandan ke ou pap maltrete yo.ou toujou panse sa ki jus e panse jus de lot moun. Le mwen te lekol se sa mwen te apran,26 let alfabe ya mwen kap fe ninpot sa ki vin nan lide mwen yon reyalite san kopie,1 a 10 mwen ka ecri ninpot numero san mwen pa vole lot moun. Manman te di mwen pa janm pran sa ki pa pou mwen nan vi mwen, si mwen fe sa bagay mal yo ka vin deye mwen.mwen we sa pitit gason mwen an Haiti tout neg sa yo ki bay pep la blof gen gro problem yo tout nan maron.

sa ki vle ta vin chef anko yo pa menm ka pale kou yo di yo yon verite.Mwen kwe Haiti pap peri lap vin jan ou we gran gran paran nou yo kon di avec blan yo se perle des antilles, men gen travay ki pou fet se pa avec vole, mafia ou byen dile drog.lap fet avec moun ki onet, ki viv avec yon sel fi e respecte jeune fi nou yo, jeune gason yo, ki pral gen plas yo nan peyi ya antan ke fitu dirijan.vole pap pran kob nan leta pou vin achete yo pou vot, ou byen al couche yo pou yo ka jwen travay.

ap gen yon lide kap vini lap fe yon lwa pou mare tout vagabon sa yo ki te fe travay sa yo le yo te pase nan pouvoi.lap vini ou met tann...paske li kwe nan tecnoloji moun pa ka di sa se pa pou mwen ou byen se pat mwenmenm.Dan la vi tout sa yon moun fe ap swiv ou men nan lot mond lan ki se mond des esprits kote loske ou mouri wal tan pou jou rezurecsyon an ki te proclame pa pi gro lide nou genyen.

Response to:

lan lavie ou eske ou toujou panse se pov pou ye...

Related Article:

Haiti Election 2010 - Candidate Jude Celestin Claims Victory

In a recent campaign rally in Haiti, presidential candidate Jude Celestin is already claiming victory. "Nou genyen deja" he says... Watch the video...

REPLY to this message

Return to Message List