For me he is a tret pou Ayiti epi pou Wyclef. Lorske ou gen...

Sergo Jean - September 24 2010, 1:44 PM

For me he is a tret pou Ayiti epi pou Wyclef.

Lorske ou gen yon mounn se prezidan ou ye, ou gen dwa mande ninpot ayisyen pou aconpanye ou yon kote ou a ninpot ki plas .Jwet la kounye ya pou Preval li ap cheche pou Wyclef ka supote group prezidansyel li fome ya pou li ka jwen vwa pou soutni kandida Celestin ki di pou li mariye ap pitit Preval la fok li Prezidan Haiti Avan pou li mariye .se sa nou we nan pouvoi Haiti depi sou Jean Claude, tombe nan Aristide ki te pret vinn Jwenn Prezidan Preval.

se yon pil neg ki pa ka dirije prop madanm yo men ki kwe yo ka dirije yon nasyon.

Mande kandida Celestin kote ti madanm malerez li te gen yen yan sa ki pase avek li.E pou kisa prezidan Preval bali 60 milyon dola pou CNE san pase devan paleman li pran kob sa yo pou fe kisa. si li achete kamyon avek lajan sa yo, konbyen li ye epi gro kob konsa ki biwo leta ki kontrole kob sa ki rapo pep ayisyen gen yen chak ane sou depans sa yo. Gade pou we Inite gen tan divize avan eleksyon 28 novanb PLB rale ko li. kounye ya yap cheche mounn ki gen mounn deye yo ki se Wyclef.

Preval pa we Peyi li we kounye ya pitit fi li ki pou vini premye danm pou Haiti le celestin vinn Prezidan paske li pral mariye avek pitit fi li a. Wyclef bezwen ouve je li pou l pa fe menm ere politik lider Ayiti yo fe ya.si non li pral peye sa pidevan paske pep ayisyen yan toujou pran not de sa kap fet san pale, paske li gen yon sel jou li pale.Epi loske li pale le mond tande l.li toujou fe listoi epi ecri listoi devan le gran nasyon sou ter sa.map konseye Wyclef pa fe ere sa pou al supote Celestin ni pou pos politik, ni pou ocun lot of. Wyclef ou travay deja pou vinn sa ou vle nan peyi Ayiti san supo ocun neg nan gouveneman Ayiti.Lide politik yo bezyen supo Wyclef.mwen swete li fe yon chwa onet pami neg sa yo.men pran yon mounn ki pa pral bali yon kout kouto nan do.jan ou we neg te di yap mennen Aristide tounen an Haiti, pre yo vini prezidan yo chanje diskou.

yo pa gen parol onet, yo pa onet. Wyclef se sel ou menm ki ka chanje canal politik sa ou we ki gen an Haiti avek gren vot ou wa avek group mounn ou yo. Jodia se jou paw ou pou montre Prezidan Preval tout Ayisyen se ayisyen kelke soi kote ou ap viv se sa lwa peyi nou di. montre l sa montre l sa .si ou pa fel nan moman sa ou pral peye pou sa. raple ou, ou trete Preval lucifer.

lucifer toujou rete lucifer, tret rete tret, vole pa janm chanje si ou pa mete li yon kote pou li pawe zafe mounn.

chien ki konn manje ze toujou manje ze.

Related Article:

President Preval Pulls Wyclef Jean On Stage in NY Yesterday

This is the biggest surprise in Haiti News yesterday... During his speech at the Clinton Global Initiative in New York, Haitian President Rene...

REPLY to this message

Return to Message List