Fanmi Lavalas mwen kopran ou tre byen. Sa manman e papa w te...

Sergo Jean - August 24 2010, 2:33 PM

Fanmi Lavalas mwen kopran ou tre byen. Sa manman e papa w te ansenye ou se li ou konnen nan la vi kelke soi kote ke ou ale se li ki nan tet ou.Sa ou te konn fe yo kounye ya ou gen men rezulta .ou pa men gen moun pou supote sa wap di la .kom Yvon Neptune te pot parol Fanmi lavalas, senate lavalas, premye minis sou gouveneman Tipe depi pep la songe sa lap prezidan Haiti, si yo renmen Tipe toujou.

Loske ou gen yon fanm ou renmen kelke soi sa li fe wap toujou renmen li;sof si ou ta we yon lot ki bel pase li epi ki gen anpil kob.Le sa ou pral pran paske ou visye e ou malonet, malfekte,sou pa ka jwen ni wap vin kriminel .se bagay sa Haiti bel fanm te ofri Fanmi Lavalas li pat konpran li .si fanm sa renmen neg la toujou gen ESPOI ki fe Prezidan Preval pran pouvoi sa la anko, ki kraze men jan li te kraze FNCD, avek OPL.ki Bawou jodia FANMI LAVALAS tan Selection pral fet pou Fanmi an ligen pitit nan kous la .Timoun sa yo gen Chwa pou yo pale prop experians yo te fe avek Papa yo epi Manman yo loske yo te piti kounye voizin yo ou byen moun nan fanmi ki se pep la jan yo rele lia ap tande yo epi yo pral vote pou yon pitit gason ki renmen Papa li epi lap di klemean mwen ap mennen Tipe ya tounen an Haiti.

si pep la renmen nan eleksyon sa lap fe chwa senate Neptune ki di li te genyen senate Myrlande le yo te fe selection kite bay Yvon Neptune .Jodia tou le de moun sa yo anfas anko pou nou ka fe Fas a Fas. vre jwe a kise Wyclef deyo poul ka gade batay sa. paske neg ki kon fe selection yo di li pa ladan, pou ka bay yon denye chans a tout malfekte oganize, kriminel,vole lajan sou do pep, mare conplo, Tibebe ki pedi nan lopital, Jean Domiques ki pa jam jwen justis, anciien Colonel lame peyi nou yo touye pou rezon inconu ke pep ayisyen pa jam konnen.lame ki te mete peyi ya fri.si Tipe te vle change li te gen tout pouvoi sa, poul te kite peyi avek yon bon imaj. 12 Janvier 2010 nou gen rezulta le nou ap tan pou peyi etrange voye milite pou vin ede nou kote anpil moun te ka sove men yo mouri pou zafe politik vagabon, dile drog, neg ki bezwen rich sou do pep.se men yvon Neptune sa ki te di Prezidan Aristide te prete Peyi Haiti $10000000 li pran kob li nan yon lajen senate Sabbalat tap mande explicasyon kote kob sa yo fe, juska se ke yo fe kamion roule sou machine li san nou pa jam gen rezulta anket la .peyi a moun kap dirije lia dwe pep la rezulta anket la.epi senate Toussaint.men vole sa yo degize sou lot nom, lot pati politik pou yo vin di pep se mwen ki ka dirije vote mwen, men jamyo toujou ap di yo pa jam sonje kikote yo te ye.si pep ayisyen we cle lap demaske tout mafia sa yo. paske si gen justis an Haiti tout neg sa yo dwe nan Prizon.kom yo pat jam bati prizon tout bezwen al viv nan pale peyi ya .gen yon jou tout bagay gen poul chanje, nou met tan, sel bagay mwen kwe kounie ya blan yo gen trop moun lakay yo yo pap pran neg anko lakay yo.tann kabann ou anvan domi nanje ou.si ou pat tann li ou gen pou domi nan move plas.menm jan ou we selection Preval te fe pou te akouche Aristide, Yvon neptune, kite mete Myrlande deyo.menm bagay anko avek Preval e Lesly, pa gen youn kite gen sa lwa peyi a di 50+1 yon group pran lari yale nan Hotel yo benyen nan picine .sa ou we avek Preval Jodia men group la pran lari kont li.sa ou tande nan bouche pati opozisyon yo kom nou te pran kob pou nou ka kite ou gouvene, le mwen we ou ale trop sou blan ou pa kite Espace pou nou nou di ke fok ou ale.sa nou te sinye ansanm nan pa valab anko.kote hotel yo konnen ale pou fe komplo yo li disparet, kote pale magouy la li kraze.kote ministe finans yo tombe, gade pou nou we tout sa ki pa bon gen poul detri.tout sa ou te konn fe nan fe nwa pral paret kle pou tout moun ka we.tout bouche ki te femen pral pale, tout zorey pral tande.

si yon mari te konn pran fanm sou madanm li, madanm nan ap vin konnen e si madanm te konn fel tou mari a pral konnen.

kidnape pral pran prizon.

si yo pa change jodia e se pou tout moun ki nan move zafe.Jou a la koule ya rive yap mete men sou ou.

Related Article:

Fanmi Lavalas says the CEP is Organizing a SELECTION not an ELECTION

There are those who oppose the final list of approved candidates in the upcoming Haiti presidential elections. Many are calling it a SELECTION and...

REPLY to this message

Return to Message List