Haiti Politique, Haitian Politics

New Topics

LA POLITIQUE HAITIENNE

Home > Haiti Politics Forum > LA POLITIQUE HAITIENNE

RE: LA POLITIQUE HAITIENNE

Pierre Says...

San MINUSTAH, Jj.Ism lontan Prezidan Preval tap pran yon so kabrit, paske swadizan politisyen Ayisyen yo ke mwen menm mwen rele OPOTINIS, ou met bayo manje tout gatowa, kom gwo aloufa, fok ou ta bayo menm fouwa ak plato ak koujin nan pou yo ta satisfe.

Paske mwen ri jouk mwen bave, lem tande youn nanyo ap di chwala grangou, li pa genzeb douvan li, li pase nan opozisyon.

Ki oppozisyon souple?

pandan ke bonkou moun ki nan pati liya nanzantray gouvenman an?

Bourik travay, chwal ap gariyonnen.

Jj.Ism, le sa bon, di libon.

Wap envite kamarad Desrameaux vin kole zepol ak w nan INITE.

Mwen si e seten ke le w rive nan palman ki pral gen tout fov yo (tankou tigr, lyon, elefan, sepan, jagwa, leyopa elatriye, elatriye, pifo nan noupral manm DEZINYON, paske nou pa pral defan entere pep la vre, Se entere pa nou ke nou praldefan.

Pifo nan pami Sennate ak debite INITE yo pral travay nan F M P. ki vledi F = FOURE M = MEN P = Pran. Kidonk, se foure men nou pran menm sa peyiya pa genyen paske depi lontan Swadizan polisyen Ayisyen yan le yo sou pouwa, yo jwenn tankou yon $197, 000, 000.00 kisa w konprann yap di : 10 X
10 = 100, yo itilize lang divizyon wan, ( le franseu ) yo di : " je pose 0 et je retiens T O U T.

Kidonk Jj.Ism mwen kwe ke INITE ya ap viv SELMAN epok eleksyon wan apre eleksyon tout kabrit ap cheche patiraj yo.

Male vye fre m. Malgre sa nou fe LAVALAS MAP TOUJOU RETE LAVALAS e map kontinye renmen w paske mwen konprann ke chen grangou pa jwe.

Mesi anpil

Reply to Msg 23631 posted 12/11/09 8:28 PM

« «   « Previous   page 4 of 6   Next page »   » »

or start a NEW Topic

Share this on TwitterTwitter FacebookFacebook Share this More

Search for messages related to:

Subject Author Time of Post
La Politique Haitienne Jj. Ism 12/9
> Re: La Politique Haitienne Linda 23-Dec-09 12:53 PM
> Re: La Politique Haitienne Jocelyne 12-Dec-09 02:51 PM
> Re: La Politique Haitienne Pierre 11-Dec-09 08:28 PM
> Re: La Politique Haitienne J.j. Ism 10-Dec-09 11:01 AM
> Re: La Politique Haitienne Serge Desrameaux 09-Dec-09 07:21 PM


| Topic List | Recent Posts | Archives | Next Topic »

View: Simple | Summary | Expanded
As: Threaded | Msg List

+ADD Public Opinions

What's On Your Mind?

Martelly Blog

Site map -

Haiti Network Map - Copyright © 2012 www.belpolitik.com