Haiti Senateur Moise Jean-Charles mande Desobeyisans Civil Toupatou

Mezanmi... Men denye nouvel... Senateur Moise Jean-Charles mande pep Haitien an pou yo fe DEZOBEYISANS CIVIL... Pa peye tax, Senate-a di, oganize manifestation spontane nan zonn bo lakay nou jan nou kapab... Ou dako oswa ou PA dako ak sa Senate a mande a?

Zafe pou Martelly rete sou pouvwa-a, Senate-a pa vle tande bagay saa ditou...

Dezobeyisans civil, kisa sa ye exacteman?

Dezobeyisans sivil se le moun refise obeyi kèk lwa, demann, ak kòmandman yon gouvènman an, oswa yon pouvwa okipan entènasyonal. Dezobeyisans sivil se souvan, men se pa toujou, rezistans san vyolans

Senate Moise Jean-Charles pa tande li pa wè li vle pou prezidan Martelly kite peyi-a.

Li di pep la pou yo pran dra yo ak zorye yo pou al koushe devan Anbasad Ameriken an...

Kisa ou panse de sa?

Kite yon mesaj

Write a comment  (16)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (16)

Thelemaque Jode says...

Ou met pran yon kochon u benyen l, abiye l, mete pafum ki pi che nan mond lan sou li, depi l we labou lap fe w

Reply  ... More

Berthauny Bernard says...

Peyi a fini moralman.

Jan de vagabon sa yo, se jounen yo dwe al vann nan jaden latibonit paske neg sa yo, antan ke eli pep la se yo kap ensite pep la a la rebelyon.

Si pep la pa peye tax, ki kote yap jouinn lajan pou peye yo?

Reply  ... More

Nesly Charles says...

M sa se troket la chay la deye. Sa se trop! Prezidan tet kale a pa problem lan. problem nan se politisien djol krochi yo kap met nan tet pep la yon espri kraze brize, dechouke prezidan.

Nou gen lontan nap dechouke prezidan men sa pa pote pies chanjman.nou vinn pi mal, mize a vinn pi plis e pep la vinn pi anraje.

Politisien djol krochi yo ap mete nou devan pou nou kraze peyi a men se entere poch yo yap defann, entere madam yo ak pitit yo yap defann.

Reply  ... More

Lonu says...

Antouka konsey m ta bay neg sa yo: "bay peyi ya yon chans poul avanse, sispann panse ak byen pesonel nou selman, panse ak pep ayisyen an tou.

Vyolans pap mennen nou okenn kote, okontre se detwi lap detwi nou plis.

Donk kole tet nou ansanm pou peyi a ka avanse pou pi devan, jan sa komanse ap fet

Reply  ... More

Amonce Charles says...

Map diw yon bagay patizan, mwen pa ta renmen Martelly ale, men fok gen nèg sa yo pou fèl fe + travay nan peyi-a patizan

Reply  ... More

Priscilla Coquillon says...

They should strip him of his position.

This is a person that is causing disturbance of peace and inciting people to do what the country cannot afford.

He should have been arrested, tried and gone to prison for 1 or 2 years.

Reply  ... More

Gerald Laurent says...

Bon si w byen analize sa misye di a la jistis ta sipoze aji direkteman, sa se yon ak an fragran deli, yo te ka arete misye monche, yon senate ki la pou fe lwa e l konnen ki promilge dwe akonpli, pou l pa pe ni l pa krent pou l menm pep sa a pou l pa respekte la lwa, sa vle di ou voye pep la al mouri nan fe vyolans, paske la polis pap kapab aksepte moun ap fe dezod menm si pat gen yon prezidan sou pouvwa.

Reply  ... More

John M Coutilien says...

Poukisa li menm, li pa pran madanm li ak pitit li, al kouche devan anbasad Ameriken?

Se neg ti sousou sa yo ki fe Ayiti pap janm ka mache.

Gen kek moun nan America ki gen pwoblem ak Obama, eske yo ale domi devan anbasad Chinwa, Germany, Francaise yo?

Reply  ... More

Lobey says...

bon kote yo jwen ak kokorat saa yo vin mete sou moun la...

Neg la led, li sot, epil pa itil peye a on merde ke pale kaka...

Haitien a manyen pran consiance pou yo suspan vote pil ti imbesil sa

Reply  ... More

Alex says...

Zye anpil Ayisyen pa louvri pou yo wè eta sénate Moïse Jean Charles.

Se yon iletre, yon enbesil, li se anblem incapasite, analfabet, vakabon etc.

Li pap Janm Dako pou Haiti devlope, paske dépi peyi a devlope li pap jwen vakabon parey li pou-l peye pou-l fè manifestasyon.

Reply  ... More

Showing 1 - 10 of 16 comments | Read More Comments »

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti Senateur Moise Jean-Charles mande Desobeyisans Civil Toupatou edit

» »