Haiti - Kisa President Martelly di Nation an nan diskou 12 Desanm 2014 li a?

President Michel Martelly bay mesaj li a la nation Haitienne jounen 12 Desanm 2014 li a... Mwen vle pataje ak nou tout sa President Martelly te di nan Mesaj li a... Men yon resume kisa president Martelly te di...

Martelly remesye tout moun...

Li remesye tout moun ki te kite zafe pesonel yo pou ede li mete timoun pep la lekol.

Li raple pep la promes li te fe jou li te prete seman devan palais national la ki kraze.

Martelly fe moun yo sonje ke li te gen yon election pou li te fe depi jou li te prete seman, li raple tout moun fomation premier konsey electoral la ak tout negociation yo li te fe.

Li pale de Accord El Rancho a, ak chimen pou li te rive la;

"Yo te mande nou fome yon konsey electoral tou nef pou ranplase CTCEP a pou palman ka vote lwa electoral la..."

"Yo mande nou change minis, nou fel, yo pa janm vote lwa electoral la"

Jodi a fe 258 jou depi cham depite a vote lwa electoral, lwa nan palman, lwa nan men yo nan yon tiwa ap pran pousyè, yap di Martelly pa vle fe election.

Le-m we lwaa pran trop pousye nan palman an, mwen deside rankontre tout moun, nou pale, nou pran lide tout moun.

Li bay 5 tandans yo ki soti nan consultation yo...

Pou nou ka inspire konfians, nou kreye yon komission 11 moun ki pou ba nou yon raport

Komision an di: "President, Nou manyen-w fò... Si komission an panse pou Haiti, li panse menm jan ave-m"

Komision an mande yon paket bagay...

Komission an mande pou premier minis la demissione...

Premier minis la pare pou li fè sakrifis la. Premier minis saa se pa yon jenn gason ki tap chache job ki tap cheche travay, se yon jen gason ki konnn travay, se pou sa mwen te chwazi-l

"Jodi a mwen dakò avek recommendation ki fet yo... e nou pwal komanse travay pou nou mete-l an application prese prese, sel bagay... se kalandrye-a... Paske anpil nan sa yo mande yo pa depann de yon sel moun, yo pa depann de presidan an."

"Des Lundi, map komanse chita ak tout akte ki konsene pou aplicattion recomandation sa yo"

Sou kesyon prisonier ke yo rele prisonyer politik, mwen toujou di, mwen pa rekonet antan ke presiden ke peyi a gen yon moun nan prison pou koz politik. mwen mande minis justice la pou ki fe an sot ke dwa tout moun ki nan prison respekte e pou li mande mande CSPJ a pou accelere dosier tout moun ki nan prison...

Mwen swete tout akte yo fe pati pa yo pou bon jan election an....

Fwa saa... apre tout sakrifis sa yo, mwen swete tout sekte, chak institisyon, chak pouvwa, chak akte politik mwne pwal invite nan chak etap yo jwe wol yo tout bon vre pou nou ka prese prese fe bon jan election pou nou ka renouvle democratik man pesonel politk la pou peyi dayiti ka poze e tout pitit li viv nan tet ansanm

Mesi bokou...

Write a comment  (4)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (4)

R Vonvon says...

bann vié dépité volè sa yo tisousou, machann péyi, san dessin sa yo sé pou tonton sam yap travail lè yo fini moonté dépité tonton sam remét yo 10000 $ US li di ti vagabon yo dézômè sé avec nap travail alors ou pansé yo pral travail pou changé péyi ou fou wi. Mon chè mété sa nan tèt ou sé tonton sam kap dirijé péyi sa dépi bien lontan Prézidan nan péyi sa

Reply  ... More

Pierre Martial says...

Sa prezidan di a mw dako neg yo konn sa
Yap Fe a

Reply  ... More

Iliotes Calixte says...

beltravay prezida mwen swete yon jour pep ayisien taka wouver zie yo po yo ta komanse wer kler pou nou ta vinn stop viv kon zanimo chien manje

Reply  ... More

Lindy Sonson says...

Haiti pap janm enyen depi yo kite premye minis lan

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti - Kisa President Martelly di Nation an nan diskou 12 Desanm 2014 li a? edit

» »