Ofisyèlman, dyalòg la kraze ant Republique Dominicaine ak Haiti

Minis Prezidans dominiken an, Gustavo Montalvo, fè konnen ofisyèlman, jounen Mekredi 27 Novanm la, desizyon gouvènman Dominiken an pran pou li pa patisipe nan reyinyon ki te planifye nan Venezyela ak gouvènman Haiti-a...

Minis la di dapre orgullodominicano.com...

"Nou konprann ke gouvènman ayisyen an kase akò nou siyen semèn pase a, kidonk dyalòg ant de peyi yo pou yo jwenn yon solisyon ak nenpòt pwoblèm nan ajanda komen nou, Se poutèt sa, nou pa prale nan reyinyon an. Ayiti te pi pito pran yon lòt wout epi sa mete fen nan konvèsasyon nou an kounye a"

Reyinyon an te sipoze pran plas nan Samdi 30 Novanm nan Caracas.

Sak pase laa?

Pa di-m se decision CARICOM la ki lakoz repons saa...

Haiti ak Dominikani ap aji tankou de peyi ki pral nan la gè...

Kisa-w panse?

Kite yon mesaj

Write a comment  (11)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (11)

Stephanie Hippolyte says...

sa mwen we ki enpotan se chita pale ansanm.

yon lot bagay anko si se konsa bagay la ye fok nou sispann manje malprote yo tou sispann al mande viza nan peyi yo tou fok nou kreye yon moyen nou koupe

Reply  ... More

Capois Lamort says...

Si mann fanmim nan?

SE pa simann se sa menm. Mete lame-a vit epi nou la pou ede. Dominiken di ligen poul fer

Reply  ... More

Louie says...

tsk tsk

Reply  ... More

Natif Natal says...

Sur ce point, mrin pa dako avek ou. Dialog important ampil ent Haiti ak Dominken Rep...Ou gen le blier tout moun ke Duvaliers yo de van st. Doming lan...Nou pa bezwen lame enko...Bom atomic remplace lame. Ouve jew' ou gran bagay sa a kapab menen tre loin. Tou de bor island kab pedi ni sak ni

Reply  ... More

Mily says...

se pou nou tout ki republik dominikenn veye ko nou paske sa pap pase konsa
nap reziste jiskaske nou gen viktwa, nap mete tet nou ansanm fwa sa, nap mande Moise jean charles sispann ak dezod nan peyi a sinon s epou pep la arete vye dominiken sa e mete li nan prizon, an nou mache sou tout dominiken vre ou

Reply  ... More

Naomie says...

Si nou pa fe vit Kreye lame a nou nan ka. Prezidan Matelly dwe considere mete lame haitien an sou pie immediateman se pa la polis min yon lame solid.

Si non Saint Domingue ka gen nan agenda li pou li anvayi touye e pran peyi

Reply  ... More

El Casanova says...

nou pa nan chita pale ak pil ti chen sa yo ki rele dominiken an. Yo genle panse ke c blan ke yo, c pou ayisyen sispann al mande viza nan anbasab dominiken an.

Epi ann sispann mange tenten ki sot lakay

Reply  ... More

Duble Jay says...

Se pa gouvernement selman, se nou tout ki pou mete men

Reply  ... More

Wilbett says...

sak tap pi bon se koupe tout relasyon diplomatik al

Reply  ... More

Yves Victor says...

Nan ki chita pale pou nou ye avek bann asasen sa yo?

Pito se pou prezidan nou an mande jistis pou masak sa ki sot pase

Reply  ... More

Showing 1 - 10 of 11 comments | Read More Comments »

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Ofisyelman, dyalog la kraze ant Republique Dominicaine ak Haiti edit

» »