Haiti Anti-Jovenel: JUDE Celestin is trying to Make some Noise these days...

Former Candidate for President Jude Celestin, the man who rarely talks even during his campaign, has come out of his silence to speak against all the things gone "WRONG" in Haiti recently...

Jude Celestin, two-time Candidate for President of Haiti
Jude Celestin, two-time Candidate for President of Haiti

Here is a message, in Haitian Creole, posted by Jude Celestin on his Facebook page, basically telling the people "enough is enough, break-time is over, it is time for us to get together and fight the those in power who are doing nothing to change our lives, basically..."

Question: Is Jude Celestin trying to replace Moise Jean Charles in the the movement against President Jovenel Moise? Can he?

Frem ak sèm yo,

Tankou anpil nan nou mwen viv ak gwo kè kase move van kap soufle sou peyi m, move van preske chavire tirès kichòy nou rete nan kanòt la. Moun ki kenbe zaviron yo pa menm konn kote yo prale, yo pa pran memm direksyon ak majorite popilasyon an.

Tankou anpil nan nou ki soti nan mas la mwen santi zantray mwen ap koupe lè map gade kijan lavi vinn pi mangonmen pou popilasyon an malgre bèl diskou ak pwomès tout kalte. Tankou anpil nan nou map gade ak dlo nan je kijan yo pouse do inivèsite a ki gen pou misyon ede chanje lavi. Se menm ti ekip la, yo pa fè pwomosyon pou jèn fanm ni jèn gason. Yo prefere asele yo mande yo sa yo paka bay ou pata dwe bay pou opòtinite pwazon rat.

Anpil fwa li bon lè silans ak obsèvasyon ede w wè pi byen reyalite a epi pran angajman pou pote kontribisyon w pou chanje sa.

Nan lekòl lavi politik la rekreyasyon an dwe fini. Fòk tout elèv ki kwè nan batay kont lavi chè, koripsyon ak malsite yo tanmen pran tichèz yo pou ansanm nou rebay lespwa ak jenès la kap pati kite peyi a chak jou.

Zòrèy mwen louvri pou m tande revandikasyon ni si la yo kite vote pou mwen ni sila ki pat vote pou mwen. Kidonk, bagay yo rèd pou nou tout, se nou tout ki pou fè sa nou konen pou konbat yon sistèm peze souse kap detri chak jou rèv zansèt nou yo.

-Rekreyasyon an ki pèmèt bandi san fwa ni lwa ap touye polisye nou yo, dwe fini!

- Rekreaysyon ki fasilite koriptè tout kalite ap taye banda a dwe fini!

- Rekreyasyon ki fè yon ti ekip jwisè ap maspinen majorite a dwe fini!

- Rekreasyon ki fè bandi ak blanchisè kontrole aparèy jistis ak ekonomi peyi a dwe fini!

Operasyon kole zepòl kont lavi chè ak koripsyon an se konye a! Operasyon sa dwe fèt nan mitan sosyete a, nan inivesite a, nan mitan òganizasyon yo, nan katye popilè yo ak pelerinaj tout kalite nan lari a pou fòse respekte dwa nou tout jan zansèt nou yo te batay pou sa.

Mwen salye tout militan angaje nan batay pou chanje lavi a. Mwen nan mitan nou, mwen pa depaman.

Jude Célestin.

Write a comment  (3)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (3)

Alexa says...

Remake ke tout anti Jovenel sayo se ansyen: ansyen candida, ansyen depite, ansyen senate, ansyen jij etc..

Yon bann flanne, chome koun yela a ki bezwen pouvwa pou fe piyay nan lajan

Reply  ... More

Voltaire says...

Olye Jude Celestin fè karavan pal pou ede peyi'a, li pito fè bri...

Talè lap di li bezwen vinn prezidan

Reply  ... More

L Bastien says...

Ancien candidat a la présidence, Jude Célestin, l'homme qui parle rarement même pendant sa campagne, est sorti de son silence pour parler contre tout ce qui a mal tourné en Haïti récemment ...

Dans un message, en créole haïtien, posté par Jude Célestin sur sa page Facebook, il dit essentiellement au peuple haïtien "assez c'est assez, le temps de pause est fini, il est temps pour nous de nous unir et de combattre ceux qui sont au pouvoir qui ne font rien pour changer nos vies, fondamentalement..."

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti Anti-Jovenel: JUDE Celestin is trying to Make some Noise these days... edit

» »