PHTK selebre twazyèm anivèsè Prezidan Martelly nan tèt peyi d'Haiti

POTOPRINS, AYITI - (14 me 2014) Parti Haïtien Tét Kale (PHTK) kontan selebre twazyèm anivèsè Prezidan Michel Joseph Martelly nan tèt peyi Dayiti. Twa lane angajman, twa lane batay pou soulaje kondisyon lavi Pèp la, sitou sa ki pi pòv yo e ki te sibi gwo dega anba tranbleman de tè 12 janvye 2010.

Parti Haïtien Tét Kale (PHTK) ap salye nan moman 14 me sa-a, sakrifis militan TET KALE te fè pou kandida Mateli te ranpote la viktwa nan eleksyon 2010 la. Se lè nou gen abitid bay pouvwa, pran pouvwa nan eleksyon, peyi Dayiti ap gen kè poze. Se nan peyi ki gen kè poze, bizismann vin-n envesti, antrepriz ouvè, jenn fi ak jenn jewnn djob, lajan sikile nan men pitit pèp la.

PHTK ap kore tout demach Prezidan Mateli ap fè pou gen eleksyon nan peyi-a nan mwa kap vini an. PHTK mande tout militan TET KALE koumanse mobilize baz pati, koumanse chwazi bon kandida pou eleksyon Senatè, Depite, Majistra, Delege vil , KASEK ak ASEK ki pral fèt nan mwa oktob 2014.

Parti Haïtien Tèt Kale (PHTK) ap swete anpil siksè pou Prezidan Martelly ak tout Premyè Dam nan. PHTK ap kontinye simaye levanjil TET KALE pou nou ka fè lòt viktwa nan eleksyon kap vini yo.

Ayiti Devan ! Ayiti Tèt Kale !

Write a comment  (1)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (1)

Dorcema Jean Judeson says...

bon kontinite mon president cheri full love for you my best

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: PHTK selebre twazyem anivese Prezidan Martelly nan tet peyi d'Haiti edit

» »