Mesaj pou tout DIRIJAN Haitien yo... Li Sa... Fe mesaj la pase...

Mwen panse tout politicien Haitiens yo renmen peyi yo, mwen panse tou ke yo tout pare pou you KRAZE peyi-a epi pou yo ka rebati li selon sa yo panse ki dwat... Pa pito esesye option sa pito?...

Pa pito nou tout kite-l tou kwoshi... epi, san nou pa oblije krazel net, pa pito nou drese-l, drese-l, kase ti bransh, kore-l, mete-l nan aparey, drese-l plis, jouk li dwat?

Menm si sa pran 20 lane... 50 lane... Si li kraze net, l-ap pran plis tan pou li retounen kote li ye la-a wi.. Pa vre?

Poukisa tout gwo kolet saa? Nou tout plen pouvwa, e nou tout konnen sa... eske nou oblije PROUVE pouvwa ke nou genyen?

Atansyon TOUT politisyen Haitien yo...

Nou pa remake ke se SEL le nou Haiti nou chef?

Nou pa remake ke se Chef police yon ti vil peyi etranje ki vinn rankontre ak senate peyi dayiti?

Nou pa remake nenpot ti majistra peyi etranje rantre Haiti epi li bezwen rankontre Le President de la Republique?

Se sel Haiti nou chef? Jere chef nou! Ogmante vale peyi nou pou pouvwa nou ka ogmante?

Sa kraze a ap fe pou nou? Petet nou ka fe yon de goud an plis... Kote nou pral viv avel? Nan ki lot peyi you pi alez ke peyi d'Haiti?

Pran tet nou tande Mesye les Dirijan?

Senateurs, Depute, President, Premier Ministre, Ministre, Directeurs General, e latriye...

Nan peyi etranje nou pa anyen...

Men HAITI Cheri? Nou plen panyen...

An nou relax, an nou jere peyi a on jan pou malere ka souse yon zo. epi pou nou tout, les Dirijan, ka kontine viv comme les dirijan que nous sommes.

Yon pep bezwen yon group dirijan pou dirije-l menm jan yon fanmi bezwen manman ak papa pou dirije-l. men le manman ak papa komanse goumen devan timoun yo... li pa bel ditou... ou kwe mwen bezwen kontinye? mwen kwe nou tout konprann...

Kek fwa, manman ak papa oblije rete viv nan menm kay menm le yon pa renmen lot pou yo ka asire lavni pitit yo...

Mes cher dirijan Haitien, nou genyen 12 million pitit, avni yo depann de nou... degaje nou, fe-w jan pou nou asire avni yo... se job nou, se responsablite nou... se angajman saa nou te pran...

Mwen swete mesaj sa rive jwen chak grenn dirijan nan peyi d'Haiti avan li tro ta.

Que la paix de Dieu soit avec vous tous!

Si gen kek moun ki ta vle opine sou sa-m di-a...
Kite yon mesaj!

Write a comment  (6)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (6)

Jean Augustave Orelus says...

Konplimen pou mesaj saa. m-kontan tou paske-w pa di menm jan ak anpil lòt moun ki toujou di: "tout nèg yo konn sa pou yo fè si yo te vle" men ou menm, ou pran le swen pou-w frape yon imaj akonpaye de yon bèl tèks mesaj!

So m panse si nou fè-l yon pratik, y-ap fini pa wè reyalite-a.

Very good

Reply  ... More

Berthauny Bernard says...

Mouin tre kontan pou mesaj sa, li se yon serom ki pou remonte dirijan nou yo sitou depite ak senate.

pou anyin se kanpe bloke tout aktivite peyi a.

Mouin ta swete yo pou yo ta li mesaj la

Reply  ... More

Turenne Jean-francois says...

Mwen souété ke chak moun ki pren mesaj sa'a, transmèt li bay yon dépité ou yon sénatè ou yon moun ké yo konin ki konin yon moun nan pouvwa'a ou ki ap travay pou li. pétèt ya pren

Reply  ... More

Abdias says...

Wow mwen li mesaj sa ak

Reply  ... More

Frantzdy says...

Wawwww pawol sa remoutem.

mwen santi lap antre nan venn tout dirijan nou yo paske m santi ap gen yon chanjman.

Fre pam, kontinye bay bon konsey.

ni lot yo tou, ann pataje sa ki

Reply  ... More

Ituck Roody says...

c pa konnen yo pa konnen sa men interets presonnel fe yo aji tres mal yo pas care 2 peyi an sak gen volonte yo systeme nan bwe yo paske yo bay yo gro kob ke yo paka refuter donc se tres for haiti men mpanse on jou nap jwenn on solution kanmenm we will

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Mesaj pou tout DIRIJAN Haitien yo... Li Sa... Fe mesaj la pase... edit

» »