Depute Jude Jean pataje kit manje ak peyizan ki te viktim gwo lapli ak van nan Boucan Carré

Ayè mwen tap pataje kit manje ak peyizan ki te viktim gwo lapli ak van ki te kraze jaden yo. Mwen te jwenn yon sipò nan pwoteksyon sivil men kantite a te fèb, mwen te oblije fè lòt acha pou m te ka ede plis moun.

Depute Jude Jean - Boucan Carre
Depute Jude Jean - Boucan Carre

Mwen renmen pataje foto rankont, foto travay kominotè, foto kote map bay moun yo pyebwa, zouti, bèt pou yo fè elvaj. Men mwen pa renmen pataje foto kote map ba yo manje paske mwen panse ke leta a gen lobligasyon pou li kreye kondisyon pou tout moun jwenn manje nan diyite.

Yè pandan m tap patisipe nan enstalasyon KAZEK, AZEK ak Delege Vil yo, mwen te resevwa lakay mwen anviwon 150 Peyizan ki sòti Tit Montay. Mwen te vle pote manje a bay moun yo nan lokalite kote yo ye a. Men KAZÈK la te di m ke lap difisil pou nou pote kit manje yo rive nan mòn nan, se moun yo ki pou vini... Mwen te obeyi malgre mwen.

Peyizan nan Boucan Carré ap resevwa kits alimentaire

Sa te fèm anpil lapenn pou mwen te wè nan mitan delegasyon an te gen timoun 8 tan, ti granmoun fanm ak moun ki pa gen gwo kouraj fizik.

Men sa ki te fèm plis lapenn se lè mwen wè ke moun mache plis pase 8 tèd tan, pou sèlman youn oubyen 2 kit manje. Mwen te vle ba yo plis men m pa t prepare pou kantite moun ki te vini yo.

Lè map prezante moun yo eskiz mwen paske m pa t vle yo mache pou kèk kit manje sèlman... Repons m te resevwa yo pa sispann boulvèse m:

* Yon timoun di m ke moun lakay li pa gen bèf, li pa sonje depi kilè li goute lèt. Li pa regrèt mache a paske kit yo gen lèt nan yo.

* Yon granmoun fanm di m: Ebyen pitit mwen, nou pap fè anyen, kay nou ak jaden nou kraze. Anba pyebwa yo nou konn pare midi, van kraze branch yo... Nou pa ka travay, nou pa gen manje... Menm si nou te fè jounen an ap mache epi ou te ba nou sèlman yon plat manje epi nou tounen lakay nou, pou jou sa se sove w tap sove lavi nou.

* Yon dènye di m: Gen anpil moun ki kouche nan kabann yo ki pa leve, ki mouri, se pa lòt maladi ki tiye yo, men se grangou, grangou se pi gwo maladi pou nou.

Tout peyi a gen pwoblèm se vre, men gen kote ka moun yo grav anpil. Map mande kòlèg Palmantè yo plis solidarite ak sans responsabilite nan egzèse fonksyon nou an favè popilasyon an. Gen anpil bon travay nap fè nan Palman an men nou te ka fè plis, nou dwe fè plis, GEN IJANS POU SA! KONDISYON LAVI MOUN YO PA BON!

Se vre ke Palman an dwe fè travay li plis pou egzije gouvènman an fè travay pa l. Men map mande gouvènman pou li louvri je l ak zòrèy li. Gouvènman an dwe fè prèv plis sans responsabilite ak konpetans pou adrese mizè pèp la. Minis yo, Direktè Jeneral ak lòt responsab nan Leta a dwe pote plis atansyon lè otorite lokal yo adrese yo sou yon pwoblèm. Menm si gen nan nou ki petèt pa konprann Kreyòl men nou konprann Franse. Se sa k fè mwen menm mwen adrese nou pwoblèm yo nan tou 2 lang yo. Men pafwa m gen enpresyon lè eli lokal yo pote yon pwoblèm devan gouvènman an, genyen ki konsidere yo kòm yon moun kap pale Chinwa...

Moun yo bezwen èd ijans an kantite, anplis sa, fòk gouvènman an travay ak kolektivite yo pou reyalize pwojè devlopman kap pèmèt kondisyon lavi moun yo chanje tout bon. E pou sa fòk gouvènman an ranfòse kapasite kolektivite yo.

Peyizan yo, mas defavorize yo bezwen bon jan pwogram sosyal ak aktivite kap pèmèt yo rantre lajan pou yo viv, pou yo manje epi voye pitit yo lekòl.

Bagay yo malouk. Moun yo ap monte yon move maswife.

Map envite tout moun nan sosyete sivil pou mete men ak tout lòt moun ki gen volonte ak bon kè kap travay pou chanje kondisyon lavi popilasyon an.

Devan peripesi ak batriba lavi Peyizan yo ak mas kap soufri yo, SE AJI POU NOU AJI.

Jude Jean
Peyizan Boukan Kare
Depite 50è Lejislati
Tel: 38771038
E-mail: educationboucancarre@gmail.com

Write a comment

You might also like

Return to Articles List

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Depute Jude Jean pataje kit manje ak peyizan ki te viktim gwo lapli ak van nan Boucan Carre edit

» »