Haiti - Radio Signal FM Mande Moise Jean Charles Prouvé Martelly pa genyen Volonte òganize election

Haiti Politique - Nan program Moment Vérite sou Radio Signal FM, Tamara Orion mande Senatè Moise Jean Charles pou li prouvé ke President Martelly pa genyen volonte òganize election... Tande repons li...

Tamara mande-l:

"Senatè Moise, Ou di ke President Martelly pa gen volonte pou fè election, lè-n ap gade jan situation an ap dewoule, se ke gen yon blokaj. Pou nou pran l au mot veritablement, pou nou wè ke li pa vle fè election, ke li pa gen volonte pou fè election, eske nou menm nan sena-a nan nivo groupe des 6 la nou pata ka di: 'bon, n-ap bay executif la tout mwayen,' nou bali lwa electoral, epi nou chita n'ap gad ale-l?"

Senate Moise Jean Charles reponn:

"Radio Signal, pa mande-m Vyole la lwa..."

Tamara fè li sonje ke an 1996 gen yon konsey electoral ki te fèt ak 3 pouvwa yo ki te fe election...

Moise kanpe fèm... Dapre senatè a pou election fet, fòk gen yon konsèy electoral selon la loi, selon la constitution, epi pou konsey electoral la voye lwa la bay Senat repiblik la...

Point boul...

Ou kwe ap gen election ane 2014 la an Haiti? LOL...

Kite yon mesaj

Write a comment  (7)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (7)

Pierre Morisseau says...

Neg sal tankou Moise Jean Charles, Pierre Franky, Bien-Aime avek tout latrye vagabond sayo ki refize peyi avanse mwen pa kwe yap gen Figi poul yo ale mande pep pou vote pou yo paske san zave sayo sipoze wete ko bay moun pwop bon sitwayen al nan nouvo paleman sa ki pwal genyen nan pwochen

Reply  ... More

Haitian Proud says...

Franchman map mande koman yo te fe vote malandren

Reply  ... More

Gerson Chery says...

Election Tet dwat 20 Octobe pa okipe Moise Jean Charles kap pale anpil nan radio, mwen li pa repon kesion radio signal poze'l de election 1996 Senate si'w genyen moun de'w se pou paret nan

Reply  ... More

Gerson Chery says...

Election Tet dwat 20 Octobe pa okipe Moise Jean Charles kap pale anpil nan radio, mwen li pa repon kesion radio signal poze'l de election 1996 Senate si'w genyen moun de'w se pou paret nan

Reply  ... More

Patrick Princivil says...

Sé pa sa non, yo sézi.

Lè konsa nou ta gentan wè men-m 75 parti politik rasanblé pou vi-n monté sou do manman yo mwen paré pou yo, pa yon biscuit yo pap bay pòv malheureux yo et pi yo bézwen vi-n Prézidan.

Fò MOPOD Unité ak Parti Lavalas konpran sa. Pat ko gin mou-n sérié ki pap vòlè lajan léta ki ta pou kanpé yon jou pou défan-n pèp Haitien, ti sèvo yo fèmen kou yo wè dola vèt grin-n ventre yo tranblé, map gadé sa yap vi-n fè nan jou éléction sa a. Mwen pa fout nan pas pouki baton ki bat chien nwa a sé li ki pou fout bat chien blan.

Reply  ... More

Johnny says...

Sak fer neg yo ap fer tout tenten sa yo a se paske yo te we kisa CEP gayo a te remet paske se nome yo te nome neg yo se normal Pou yap fer tout sa ou we yo ap fer a

Reply  ... More

Raymond Arherc says...

Mwen kwe senate yo ap woule pou yo ka pran woulib san yo pal nan eleksyon eleksyon pat dwe nan simakri sa yo chak fwa gen election se sinema sou sinemas nou dwe gen yon CEP permanent pou nou pa beswen Senate deyie fe magoui sou magoui menm president an pata beswen gen anyen pou l ak sa point bar, se sel peyi ke ou tande a chak gen eleksyon se yon bann

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti - Radio Signal FM Mande Moise Jean Charles Prouve Martelly pa genyen Volonte oganize election edit

» »