HAITI - Poukisa Candidat a la Presidence yo ap pale de CITE SOLEIL epi yo pa mansione okenn Ville Principal nan peyi a?

Haitiens an nou pale... Poukisa Candidat a la Presidence yo ap pale de CITE SOYEL tout la jounen epi yo pa janm mansione okenn plan ke yo ke yo genyen pou lot ville principal ki nan peyi a?

Nou abite nan ville Hinche, poko gen yonn nan kandida a la presidence yo ki di ki plan yon genyen pou Ville de Hinche, Capital Plateau central la. men you gen plan pou tou katye defavorize ki kole ak Potoprens...

Ki koze sa???

Kochon ap mache nan lari nan Ville Hinche, labou santi, capital Plateau Central la, epi kandida ap pale de Cite Soleil...

Tchwippppssss...

A tout Haitien ki ap swiv kanpay electoral la ki pa moun Cite Soley, ki pa moun moun Bel Air... Komsi, project de societé ou genyen an, li pa ka monte Morne Cabrit???

Mwen ta renmen konnen ki sa ki special nen cite soley konsa ki fe yon moun ki candidat pou post PREZIDAN yon peyi oblije ale nan radio pou diskite yon plan special li genyen pou Cite Soleil...

E Hinche??? Ki plan special ou pou Hinche?

ALO... Candidat a la Presidence yo, le nou ap pale nan yon station radio Potoprens, SE PA SELMAN Potoprens k-ap tande nou, epi tou se pa selman moun Cite Soley ki pwal vote pou nou...

Nou tande???

SMH...

Kisa ou panse de bagay saa???

Kite yon mesaj

Write a comment  (2)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (2)

Pierre Dollar says...

Cite Soleil fai progress.

Yap pale de li. Rue Cite Soleil prop. Moune Cite Soleil emancipe.

Yo vote pou president kap travail pou yo. Moune Cite Soleil ap mande

Reply  ... More

Pierre Dollar says...

Ville Hinche bezouin sanitation.

Magistrat Hinche ls pou fai toute prisonier bale, nettoye la rue Hinche 3 fois par semaine.

Mete toute cochon yo nan pak you. Maitre cochon yo pou paye amend 10 dollars pou tout cochon ki pran la rue Hinche.Mete Magistrat, prefet Hinche nan

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: HAITI - Poukisa Candidat a la Presidence yo ap pale de CITE SOLEIL epi yo pa mansione okenn Ville Principal nan peyi a? edit

» »