Haiti - List 16 Decision ki soti nan Gouvenman Lakay ou Miami

GOUVENMAN LAKAY OU MIYAMI - Sekretarya Jeneral Primati - Angajman ki sòti nan Gouvènman Lakay ou, Samdi 19 jiyè 2014

ANGAJMAN # 1
Premye Minis lan mande pou diaspora an chwazi yon reprezantan ki pou rete an kontak ak Gouvènman an e li mande pou yo òganize yon kongrè diaspora pou travay sou bezwen priyoritè yo kòm dosye tè, dedwannman, sekirite, doub nasyonalite...

ANGAJMAN # 2
Direktè Ladwann lan dwe pran tout dispozisyon poul kreye yon gichè espesyal pou diaspora yo.

ANGAJMAN #3
Nan sousi pou amelyore edikasyon an Ayiti, Minis Edikasyon Nasyonal lan an angajel pou gen mapping pou tout lekòl ki an Ayiti yo. Kidonk ane sa, MENFP ap konnen egzistans tout lekòl ki nan seksyon kominal, nan komin ak depatman yo san bliye lekòl ki nan PSUGO yo. Epi, tout pwofesè yo ap gen pèmi pou yo ka ansenye.

ANGAJMAN #4
Minis Jistis lan angajel pou fè respekte byen imobilye tout moun e li deside pran dispozisyon sou dosye sa de fason pou garanti sekirite byen moun yo.

ANGAJMAN #5
Nan sousi pou kontinye kwape kidnapin ak vòl nan peyi a, Direktè Jeneral PNH la anonse ke PNH mete yon plan sekirite pou kontwole moto kap sikile yo.

ANGAJMAN #6
Konsil Jeneral Miyami an dwe pran tout enfòmasyon sou manman Anestesia ki nan prizon an Ayiti depi 13 mwa. Minis Jistis la dwe asirel de swivi sa. Matant ti pitit lan rele Bernadette John e manman an rele Wiline Absolu, li nan prizon sivil Petyonvil lan. Premye Minis lan mande pou tout dispozisyon pran pou konnen ki sa ki pase e rezoud pwoblèm manman sa ki nan prizon.

ANGAJMAN #7
Nan yon sousi de kominikasyon e denfòmasyon, Konsila Ayisyen yo dwe adapte sèvis yo a demand popilasyon yo e fè piblisite sou sèvis ke yap ofri yo.

ANGAJMAN #8
Pou tout swivi nesesè, Sekrete Deta Planifikasyon an ak Nouvo Direktè Jeneral Planifikasyon an Mesye Giovani DORELIEN dwe pran plis enfòmasyon nan men Mesye ki fè demand poto ak fil pou mete kouran nan komin Gran Boukan nan katye Lèba (Depatman Nip).

ANGAJMAN #9
A pati de mwa pwochen, Direksyon Jeneral Ladwann lan (AGD) ap mete yon strikti an plas pou resevwa tout doleans diaspora yo. Direktè Jeneral lan anonse ke lap etann strikti sa nan konsila yo de manyè ke moun nan diaspora yo konnen konbyen kòb taks pou yo peye, ki pwosedi yo dwe swiv e ki dokiman pou yo fè ki dwe akonpanye byen yo pou dedwannman ka fèt.

ANGAJMAN #10
Pou tout swivi nesesè, Premye Minis lan mande Direktè Jeneral Ladwan lan poul fè yon rankont «en aparté» avèk Doktè Orvil sou dosye dedwannman machin li yo.

ANGAJMAN #11
Pou fè swivi sou dosye doleans tè ke Nicole Prospère, Yvrose Bienvenue, Roselyne Philippe ak Jacques Respect te adrese yo, Premye Minis lan mande Direktè Jeneral DGI an poul fè yon rankont «en aparté» ak moun sa yo poul wè kijanl ka ede yo rezoud pwoblèm ke yap konfwonte yo.

ANGAJMAN # 12
Konsila Ayisyen yo dwe ouvri de 8h a 6h sòti lendi pou rive vendredi e yo dwe ouvè le samdi de 9h a 2h e ap gen yon sèvis a domisil pou moun yo.

ANGAJMAN # 13
Frè extrè dachiv yo ap pase de 170 dola a 100 dola.

ANGAJMAN #14
Nan MHAVE dwe gen yon biwo de doleans pou diaspora yo.

ANGAJMAN #15
Tout Konsil Jeneral yo dwe enplike nan Komite Swivi Gouvènman Lakay ou ki fèt nan Miyami a.

ANGAJMAN #16
Diziyèm Edisyon Gouvènman Lakay ou ap fèt Lagonav.

Komite Swivi Gouvènman Lakay ou nan Miyami:
1. Ministre François Guillaume, MHAVE
2. Monsieur Abel Nazaire, Primature
3. Consul Stéphane Gilles, Consulat de Miami
4. Consul Lesly Condé, Consulat de Chicago
5. Consul Jutin Viard, Consulat de Canada
6. Consul Gandy Thomas, Consulat d'Atlanta
7. Consul Loïse Adam, Consulat de Miami
8. Monsieur Jean Lafortune, Haitian Grasswoot Coalition (HAGC)
9. Madame Guilène Berry, Koze Fanm
10. Gypsie Metellus, Sant La
11. Madame Paola Pierre, Chambre de Commerce Haïtiano-Américaine
12. Dr Pierre M. Alcindor, Historien
13. Monsieur Alex Saint-Surin, Radio Mega

Write a comment  (2)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (2)

Phara Pierre Louis says...

travay la

Reply  ... More

Patrick Princivil says...

Gòl! Gòl Gòl! Gòl! Gòl! Nan bouda enemi-m yo.

Sé gro kozé wi, jan-m wè a pa gen manti ladan-n non. Mwen té asisté gran sérémoni sa a. Mwen pat la kòm yon éspyon men mwen té la pou-m té supòté gouvernement lakay nan angajman ki tap pran, tout sa mwen wè ki ékri la yo mwen ka sèvi témwen.

Mwen ankourajé tout diaspora yo ki nan tout kwen tè a pou patajé mésaj sa a bay tout diaspora ki pat gen chans pou té patisipé nan fèt sa a, kòd ki té maré diaspora a kasé au nom de Jésus.

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti - List 16 Decision ki soti nan Gouvenman Lakay ou Miami edit

» »