HAITI - Ki wòl LETA, epi ki wòl GOUVENMAN?

Politik an Kreyol - An Haiti, ou toujou tande moun ap plenyen... Leta sesi, leta sela... O wi... Gouvenman sesi, gouvenman sela... Yon prezidan monte, Opozisyon pasi, oposition pala... Yon Prezidan tonbe... Projè bloke, projè bloko... Wout ki te komanse pa janm fini... LETA an vakans jiska nouvèl òd...

An Haiti, pa gen moun ki janm blame tout anplwaye ki ap touche lajan LETA epi ki pa fè jòb yo... Tout bagay nèt se fòt President.

An Haiti, Se kòm si-m ta di-w, se Prezidan-an ki TOU LE BAGAY... Se Prezidan-an ki ni kòn bèf la, ni bèf la...

Wout an movèz eta... Fòt prezidan...

Yon policier aji mal... Fòt prezidan...

Depite ak Senatè finn tounen militan... Fòt prezidan...

Yon zèfèyis sasinen yon sitwayen... Fòt prezidan...

Larivyè desan, malere pedi bèf... Fòt prezidan...

Twop fatra nan lari-a... Fòt prezidan...

Daprè ou menm, kisa ki LETA, epi kisa ki GOUVENMAN?

Kisa toutbon ki fòt Prezidan? Kisa toutbon ki fòt Premye Minis?

Kisa ou panse ki fot chak anplwaye leta k-ap touche pou li fè yon TRAVAY epi ki pap regle yon merrrrd???

Chita... Grate santi... Touche lajan leta...

Pa exanmp... Genyen yon problem FATRA Haiti... Eske gen yon group moun andedan yon ministè nan LETA epi JOB moun sa-a se ranmase fatra?

Eske gen yon lot moun andedan yon ministè nan LETA epi JOB moun saa se ANPECHE pep deregle sa-a jete fatra nan lari-a?

Si repons la se WI... Eske moun sa yo fè job yo byen?

Mwen garanti-w si yon minis (moun ki alatèt bwat leta saa) ta deside REVOKE tout moun nan ministè saa kap touche san yo pa bay randman, an verite Dye... t-ap genyen yon MANIFESTATION rapido presto pou flanke minis saa deyò...

Mwen sipose vrè keksyon m'ap eseye mande-a se:

JIS Kilè Haiti ap genyen yon LETA solid ki konnen MISSION li, OBJECTIF li, DEVWA li, epi ki kapab fè TRAVAY li chak jou bondye mete, prezidan ou pa, manifestation ou pa, oposition ou pa.

Mwen we anpil lot peyi ki gen problem politik men LETA pa livre PEYI a bay PEP pou yo DEVALIZE li...

JIS Kilè Haiti ap genyen yon LETA solid???

Si se pa sa, Prezidan ap vini, Prezidan ap ale, epi mo ki rele STABILITE a, BEL PEYI-a, se nan diksyonè ANGLE na li sa...

M-ale...

Kite yon mesaj

Write a comment  (3)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (3)

Haiti En Tintin says...

Administrasyon Matelly-Lamothe la fek kreye yon ministere vegetale pou tout haitien kap vegetez se kisa ankor nou gen begwen Selman ret tann kanaval des fleurs apre ou pral jwenn lot minis toujou paske gen ministere de la joie et de la gaietee, secertaire d'état de la propretee et de la collection des residus.

ministre aupres du premier ministre pour la propagande et des fausses fabrications Made In

Reply  ... More

David Elissaint says...

se revoke pou yo revoke tout kaka sa yo ki pa itil anyen lan peyi ya yap grate santi plede touche kob leta, e lajan letaa se sye ti pep la sew bann machann peyi yo ye vole yo ye zenglendo yo

Reply  ... More

Garry Destin says...

Well when you look at it here, it is the same....bad road obama; bad police obama; bad economy obama.

Leta just pa vle pra responsablite yo.
Komanse revoke yo wap

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: HAITI - Ki wol LETA, epi ki wol GOUVENMAN? edit

» »