Eske Constitution Haiti di moun ki ap Manifeste gen dwa pou anpeche moun ki pap manifeste yo viv?

Depi-m ti moun an Haiti, jou ki genyen manifestation pou nempot ki bagay, se manman pitit mare senti, lekol fèmen, circulation bloke, ti mari pa monte, ti mari pa desann... Sa fè-m panse anpil... Eske se constitution peyi a ki bay moun ki ap manifeste yo tout dwa saa... Epi, si se tout bon vre manifestan gen dwa pou rann lavi citoyen ki PA nan manifestation emposib, kote dwa pa nou menm citoyen yo ki bezwen lari leta a, menm jan ak zòt, pou nou antreprann aktivite chak jou nou yo???

Mwen pale ak yon pwosh mwen sou sa lotrejou, li di-m se konsa peyi a ye, lè gen dezod, abrike-w pou malè pa rive-w.

Mwen eksplike misye, ke li pa genyen oken byen li nan lari a pou li proteje lè genyen manifestation. depi li kouri fenem pòtay li, li pa gen okenn problèm, jan-l pase-l pase...

E mwen menm kòm citwayen ki genyen machin mwen nan lari a? lè wòsh ap voye, se vit machin mwen ki ap kraze.

E Zanmi-m lan ki genyen ti pitit li ki ap soti lekòl, kèk fwa ki tèlman panike, li kouri kite ti biznis li tou louvri pou li ale cheche pitit li lekol, si nou dakò ak sistèm manifestation " jan-l pase-l pase" yo, li PAP pase byen ni pou mwen, ni pou zanmi saa ki sanse represante yon majorite nan sosyete a...

Kit se bouretye ki kouri kite bourèt li dèyè, kit se yon elèv ki kouri kite valiz li dèyè, kit se yon ti machann ki kouri kite komès li prete lajan pou li fè a dèye, kit se yon gran nèg ki kouri kite Mercedès li dèyè, Kit se yon chèf ki kouri kite zam li dèye, nou tout ki pa nan zafè manifestation an, se nou menm ki sou stress, se nou menm ki sou tansyon.

Lòt moun menm ap kase randevou pou detounen lavi nou, epi yo di yo ap fè manifestation pou amelyore lavi PEP LA, ki pèp? Pep ki gen machin yo? pep ki ap fè komès yo ki depann de lari a pou pote manje bay pitit yo? Pèp ki pa nan anyen ak moun men ki toujou viktim yo? OSWA pep ki antoure chèf manifestation yo esperan ke yo pwal jwenn yo pòs antan "MILITAN" le chèf sa yo monte sou pouvwa?

Mwen pa gen anken problem yon yon moun ki vle revandike dwa li, men sa enerve-m anpil lè-m we Manifestation Haiti se KANAVAL, bann rara, rout koupe, inosan ap viktim... Tout lajounen se rele anmwey, fè lobey, epi VOUZAN pou tout rès citoyen yo nan peyi a ki gen bagay serye pou yo regle ki bezwen wout pou yo pase?

Antan ke yon sitwayen nan peyi-m, mwen gen dwa tou pou-m viv san ke mwen pa pè ke yon goup manifestan pwal fè-m mal epi detwi byen mwen, jis paske Constitution ba yo dwa pou yo manifeste.

Kote dwa pam la menm?

Kote dwa pa-w la?

Kote dwa pa nou tout ki ap viv nan peyi a epi ki pa nan manifestation yo?

Zafè "manman pitit mare senti, ti mari pa monte ti mari pa desann" la, fòk sa fini nan peyi a.

Epi nenpot dirijan ki pa dakò ak sa, yo mèt ale dirije yon lòt peyi men pa Haiti Cheri-m lan...

Si-w dakò ak sa mwen di a, fè-m tande vwa ou... E si-w pa dakò explike-m poukisa... Antan ke Haitien, se konnyea pou nou deside ki peyi nou vle.

Peyi "manman pitit mare senti, ti mari pa monte ti mari pa desann" la, mwen pa vle li.

Nou vle la paix nan peyi d'Haiti, nou vle dirijan ki ap promote la paix nan peyi d'Haiti...

Kisa-w panse de sa?

Kite yon mesaj

Write a comment  (7)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (7)

Jay says...

Mwen dako avek ou. Fok mesye ki rele tet yo lide nan peyi chanje fason yo dirije pep sa. Spesialman nan itilize pep la pou regle zafe politik yo. Yon pep gen dwa pou li manifeste, rele deye gouvenman an plas la. Men fason nou fel ayiti pabon.

Fok sa

Reply  ... More

Newguest says...

Manifestasyon se sel zam pep lan genyen pou li batay, se fason sa a li ka pase pou li jwenn satisfaksyon le yap maltrete l, pale de konstitisyon ou pa, pep lan gen dwa manifeste jan l vle.

Pran yon jou ou byen yon ti tan pap derane okenn kouch nan sosyete a, daye fo m soufri pou w ka viv byen demen..

sa ki pi enpotan se pou yo fe l san kraze brize, san

Reply  ... More

Barnabas Joseph says...

Se bon lwa pou gouvenman Martely Lamothe vote kont san manman sa yo ki tounen yon kanse nan peyi a avek bagay manifestsyon yo

Reply  ... More

Fremond says...

monche li le li yan pou neg sa yo ba peyi a you souf ak zafe manifestation sa li pa jam pote bon rezilta se toujou kraze brize neg manifestation sa yo panse se sel yo ki gin dwa nan peyi ya li le li tan pou politisien san servo sa yo suspan pran daso sou do pep

Reply  ... More

Sony Vilbrun says...

Le fe ke gen you paket moun ki pap travay, ki pa gen enyen pou yo fe e ki pa kon fe enyen le moun sa yo tende gen manifestasion se you fason pou yo al dechage ko yo.

moun sa yo se tankou chien enrage ki lage lan kod afe Constitution yo pa kon bagay konsa paske yap manifeste des foi yo pa mem konin pou ki sa.

Mwen pa dako fason yo manifeste ya men mwen pa kont

Reply  ... More

Frantzdy says...

Mwen kwè ke peyi yan vreman pa ka nan kraze brize tout tan. manifestasyon pa ta dwe fèt jan nou gen coutume fèl pa bò isit. Men an menm tan, mwen mande tèt mwen si se pa paske moun ki ta dwe pran responsabilite yo a tan pa pranl e souvan yo tann ke c lè gen deblozay oubyen ke yo wè se tout bon dwe gen yon bagay ki fèt epi yo aji. Très souvent, li konn trop tard. Kidonk mwen kwè ke youn nan fason pou evite ke gen manifestasyon violent se pou dirijan oubyen konsène yo plus ouvert au dialogue e deside rezoud pwoblèm yo a temps e pou yo pa tann se lè moun yo bouke

Reply  ... More

Tiblac says...

100% dako vye

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Eske Constitution Haiti di moun ki ap Manifeste gen dwa pou anpeche moun ki pap manifeste yo viv? edit

» »